I do not support the topic, mwen cre ke petet ayisyen rayi...

Sergo Jean - June 9 2011, 12:12 PM

I do not support the topic, mwen cre ke petet ayisyen rayi prop tet pa yo, e mwen cre an tan ke ayisyen nou bezwen gen vizion avec ide pou acouche yon plan de developman national pou peyi Haiti ki pral permet chac ayisyen beneficie de resource ter a pou yo ka suviv.zafe lot nation renmen pep haitien ou pa se zafe diplomat creye pou prop intere pa yo avec neg cap fe biznis ke yo genyen cap fonctione sou couvertu e ONG cap brote lajan nan peyi a o nom de la povrete.Mwen cre peyi a bezwen de vre ayisyen cap panse pou li epi bliye zafe al mande lot peyi ed o nom du pep. Haiti se yon peyi ki plen riches ladan, nou petet pa connen kijan pou utilize yo.PA exzanp ayiti plen fatra ki se yon resource angre ke nou genyen pou ter ka bay anpil manje, lide yo pa utilize l, yo pito al achte nan men peyi etranje, move panse.Men yon bon panse mande tout peyizan ki gen bouric, mulet,cochon, poul,cabrit, cheval e lot animal ki manje zeb ou bien manje mounn manje pou pote dechet sa yo nan yon place ke gouverneman creye pou sa cote li ofri pou chac sac plen ke mounn yo pote 7 gourdes ayisyen, premie man ou gentan creye yon paket anploi nan peyi epi gentan gen fimie avec angre cap prepare pou peyizan ki pral plante nan prochen sezon cap vini pou pep la jwen manje.

Haiti plen agronom, avoca,economis e tou li rete anplace san progre paske tout bezwen ocupe yon sel post prezidan, senate, depute,majistra, epi chef, le yo mande yo pou prezannte cv yo wap jwen yon sel bagay ladan mwen gen zanmi a l 'etranje, mwen se militan, epi mwen conn mande tre bien paske tout peyi connen mwen, mwen voyaje anpil, men pa gen younn nan cv sa yo ki di ke mwen pat pase nan exzamen sa pou rezon sa yo paske panse ke mwen fe yo contre avec reyalite la vie e condition vi mounn ap mennen actuyelman.

Pagen mounn ki vle aprann ou bien etudie men cou gen exzamen tout mounn vle pase nan exzamen ou bien gen yon mounn ki toujou responsab pou parese yo ki pa pase nan exzamen an. Lider politic nou yo an Haiti toujou gen yon peyi ki responsab si anyen pa mache an Haiti, li pa vre se bagay neg maron yap fe ou bien yap zonbifie pep, Haiti se yon peyi ki lib e fri san li pa gen ocun peyi sou tet li menm jan avec USA ki dirije pa yon prezidan, senate,depute, majistra,epi juj pou juje mounn ki viole la loi.Mwen cre ayisyen yo viole princip sa yo ki pou ta mennen yo sou rout de prosperite ki dirije yo nan destruction de tout riches peyi a gen yen e menm detri osi de mounn kite ka panse pou peyi a le touye yo.Mwen cre nan denie jou sa yo ki la ou cap vini nan fitu pagen ocun mounn sou ter sa ou gouverneman cap ka couri pou la justice de Dieu pa acompli sou teritoi lakay yo, paske tout bagay doue aconpli san yon let pap manke.Mwen cre ke si bagay sa pat vre ROME tap toujopu rete ROME avec puisans li te genyen pou mache pran lot peyi. La France e Espagne tap toujou domine Haiti apre li met fin a vi de plu de 9 milion indien ou aborijinal yo te decouvri sou sol ter sa an Haiti.Mwen cre nou bezwen pran responsabilite nou an tan ke nation pou repond a bezwen pep la e non bay lot peyi responsabilite sa, antan ke ayisyen nou gen responsabilite pou peye tax pou peyi nou ka mache si nou pa vle peye tax sou sa nap fe nap toujou ap mande lot nation pou vin fe pou nou.Nou doue creye e recreye des bagay ki pou rapote Haiti profi pou mounn cap viv andan li le li tan pou politic lot mounn responsab la fini, Aristide te vinn o pouvoi li te ale nan sans cont USA, Duvalier,Preval ale cont La France e cominote internasyonal ki pa vle ede tout se blof, neg maron ou bien yap zombifie peyi Haiti com se nan sa docun ayisyen cre vodoo avec zonbi, li pa vre se moyen neg utilize pou fe cob sou tet mounn ki pa vle aprann la verite.Mwen cre ke lider nou yo doue di la verite e ki cote yo campe nan politic avec ayisyen yo e peyi a.si yo choizi pou mache avec USA ou bien avec lot peyi nou te esclav yo a, mwen cre se yon choi yo bezwen fe si non nap rete an place san bouje epi san anyen pa janm fet ladan.

le yon bet gen trop met lap mouri nan poto, paske younn nan met li toujou panse gen younn nan lot met yo ki pral pran swen l nan poto a jodia e se consa bet la soufri juskaske li mouri, paske tout met sa yo ocupe pou pran swen lot bagay e preocupasyon yo genyen.

Haiti se nan cafou verite sa li ye la.

Related Article:

VIDEO - America Still Hates Haiti

If you think the United States Of America loves Haiti, think again... Wikileaks exposes how America still hates Haiti... Watch this video.....

REPLY to this message

Return to Message List