Problèm kém gen ak kandida yo! Sé paském...

Patrick Princivil - November 12 2015, 12:49 PM

Problèm kém gen ak kandida yo !

Sé paském tapé sou internet: agroservice.ht

mwen jwen bon jan enfòmasyon sou nèg bannan nan.

Puiské lòt kandida yo pa vlé wè nèg bannan nan mwen vin pè pou pèp Ayisyen pa mouri grangou paském pa menm wè lòt kandida yo sou internet la ak yon bagay yo déja fè Ayiti tou sé sak plis fèm pè pou Ayiti.

Soutou mwen paka wè lòt kandida sa yo sou nèt la, sé konsa règ la yé sou zafè téknoloji, dépi yon nonm paka parèt ak téknoloji Facebook, instangram, google, youtube, Twitter etc. grande puisans yo evalyé nou kòm moun ki an alfabèt, ki pa dévlopé mantaleman.

sa vlé di sé kòm nou pat janm alé lékòl.

imajiné nou poun parèt nan airport Kenedy etc. aux États - Unis :
ou pa palé Anglè ak Éspanyòl, lèw rivé nan yon séri de Airport puisan konsa épi menm yon òdinatè ou pakon kòman pou ouvè pou al fè recherche ou kaka, kiyès ki pwal édéw?

Ou pap menm kon kòman pou al pran taxi pou sikilé nan péyi a, ou pap ka menm kon ki diréksyon pou maché alé déyò nan lari a si yo paka konpran langaje ou pa palé.

Canada, menm kout baton an: si ou pa palé Anglè ak Fransè kiyès ki pwal édéw?

Sé pa Canada ak Étas - Unis sèlman ki genyen, gen 7 grande puisans ki nan market la: si nou jis chita nan yon ti kwen an Ayiti sèlman nou lwen de tout téknoloji sa yo sè ké nou mizérab, nou pòv épi tout sa. Sèlman gras a Dyé ak rézo internèt nou pa pè le monde antyé.

Mwen ankourajé lidè sa yo pou yo tounen lékòl pou byen métrizé bagay yo avan yo al parèt tèt yo nan politik péyi d'Ayiti.

Tout lékòl nan gran péyi yo ékzijé élèv yo pou yo kon odinatè yo byen, sé sak fè tout ti moun 4 a 5 ans ka fè sa yo vlé sou google ak youtube nan péyi blan. Pa vin maré pyé nou.

Sonjé kòman Prézidan Martelly té kalé kandida yo byen mal nan éléksyon an 2010 la?

lèl fini pran pouvwa sa a li bavé entéléktyèl, li pété entéléktyèl, li kaka entéléktyèl, li fout yo nan prizon, li plimen yo oswa tayé yo janl vlé Fo krétyen pasé anba koute bwa Prézidan Martelly, kidnapè Brant etc pasé anba men Prézidan Martelly.

Kité malonèt.

A la fen li pwal kité pouvwa a li voyé zyél sou tè péyi d'Ayiti li pa wè kiyès li pwal sipòté nan éléksyon an sé sak fèl envesti nan Jovenel Moise paské li si tèlman wè nou pa kanpé sou anyen, li oblijé ap tòdé bagay yo poul wè sil ta sipòté nèg bannan nan nou pa vlél, kounyé li oblijé ap wè kòman li ta poté plis amélyorasyon sou zafè a paskél wè ban politisyen sa yo avèg pyél maré ak moun sa yo.

Tout té rasanblé pou té kriyé a hot vwa fò Prézidan Martelly alé, poukisa nou tout pa rasanblé jodi a pou yon sèl kandida pou al pran chèze la nan men Prézidan Martelly ak dignité le 7 Février, 2016?

Si nou tout ta fè yon sèl vwa épi pou sé Moise Jean Charles nou chwazi oswa Jude Céléstin oswa Marise Narcisse oswa whatever ki ta parèt ak yonsèl kandida an fas PHTK, ki koté nèg bannan sa a tap ka rézité dévan pati nou an nan vwa?

Élas ! nou fan pèp la an miyèt mòso ; pou jan nou tap plenyen ké sé séléksyon ké CEP a fè, si pou Prézidan Martelly ak CEP a té aksépté pou tout moun ki vlé kandida pou yal dépozé aplikasyon yo kòm kandida ; Si date limite la pat rivé, kòm Ayiti gen 14, 000, 000 moun é plis, mwen gen entansyon Ayiti tap genyen anviwon
10, 000, 000 kandida pou pòs Prézidan épi ti rès 4, 000, 000 moun yo tap kandida pou Prémyé Minis, Sénatè, Député, Majistra, Kazèc, Asèc ak lapolis etc.

Épi sak pi fèm mal la: tout mété nan tèt yo ké yo déja pasé nan prémyé tour, kotéw tandé a sak pa pasé a pwal kriyé fraud, vòlè, yap mété difé, yap krazé, yap brizé.

Si nou pa chanjé vyé mantalité sa a, ki koté nou pwalé?

Gadé yon frékan vyé Dominiken ké nou tap okipé fè avèk nou?

Sé ini poun dwé ini poun ranjé péyi nou, déblozaje, fè éstéra, machan pwason nan éstasyon radio pap mennen nou oken koté.

Menm mwen, mwen té oblijé aplodi pou Prézidan Martelly ak CEP a jété vòte moun sa yo nan fatra paské sé fanmi divizyon nou yé nou pa kanpé sou anyen.

Mwen pa magouyè, men fason nap aji la a si sa ap kontinyé konsa klas pòv la kaka. Sak pi fè mal la: kèlkéswa Prézidan ki monté a tout rès 104 kandida yo pwal fan nan bouda nouvo Prézidan an: fò kisa sayé alé, dépi sou 2 mwa oswa 3 mwa yo pwal éklaté prèt pou éxplozé nan bouda nouvo gouvernman an: fò yo alé.

Nou pa vlé wè sèvitè bonDyé yo ki juste, ki seng é ki ka édé nou ; nou pa vlé wè kèlkéswa gouvernman ki monté an Ayiti, alò kisa nou vlé?

Kounyé a yap rélé anmwé baré vòlè, barè mantè dèyè Prézidan Martelly ak CEP a jodi a, gadé kijan la mairie ap rabouré ti machan yo nan lari a, déchèpiyé yo pran ti kòb yo genyen pou yal fimen krak, kokayin, mayiguana, bwè kléren, al okipé pakèt fanm yo ak nonm yo sou zo do pròp zansèt nou yo kap trennen nan fatra a, poukisa lè nou monté Prézidan d'Ayiti nou fèmen zyé nou sou yo?

gadé Douane yo, EDH etc ap mal maché ! poukisa nou pa janm di anyen sou yo?

Paské nou pa renmen Ayiti vré, sé zafè nou ké nap okipé, nou mélé.

Pa menm gen 10 pousan moun kap travay nan yon péyi. Sé pousa ki fè lè moun al apliké pou yon ti travay men longè kòk nou, men grosè kòk nou gentan prè pou nal défonsé mis bouda moun yo ak mis bòbòt yo sou kouraje yo pou lajan an mété sou li jis pou 130 goude pa jou paské nou pa renmen Ayiti vré sé abuzé nap abuzé Ayiti, men pou konbyen de tan?

Planm sé poum rétounen al viv nan péyim !

Lè nou wè map péyé yon mannèv kap travay pou yon $150 Ayisyen oswa $200 Ayisyen kòman nou pwal santi nou?

Kounyé a nou pwal di sé paském sé dyaspora, mwen rich sé sak fè mwen byen péyé konsa, ki pa vrè ditou, rélé sou kò nou. Nou paka acheté yon iPad, nou paka acheté yon iPhone 6, nou paka acheté yon Mac conputer, pa menm yon ti tablèt, nou paka acheté yon Windows machine jis pou $500 USA etc. nou paka péyé kay moun ki pagen koté pou yo dòmi yo, nou paka menm bay pèp la yon ti bwat katon ak manjé ki gen yo gro mamite diri, yon gro mamite mayi moulen, yon gro mamite pwa, yon ti boutèy l'huile dolive, ak kèk lòt ti détay ké moun ka vrèman bézwen, jis pou fin ranpli bwat katon sa a pa mwa. Anpil nan nou - menm plen lajan nou pap fè yo, menm si nou ta kenbé protokòl sa yo poun ba moun yo ti bwat manjé sa yo yon fwa pa mwa sa tap fè yon fiférans, nou pap fè yo paské nou égoyis.

Si poun péyé lékòl yon ti moun menm si nou gen 80 ané pou li nou mandél poul banou yon bagay, tandiské ti moun pafwa gen sèlman 10 ans. Nap bay moun zo kiki épi kiki lakay nou tout la sent jounen, pratiké sa nap préché a. Poun péyé kay moun sa a, sipòté moun ak yon ti bwat katon plen ak yon ti manjé, nou pwal wè fò nou raché lalwèt bouda moun yo ak devan yo mété souli ; ki koté nou pwalé avèk pakèt lajan nou yo?

nou trò méchan, débloké péyi a.

An nou antan nou poun ranjé péyi nou !

Mwen gen pwen fèb pam tou, si jézi ka pranm lap fè chémenl avèk mwen li ka fè menm chémen sa a avèk nou tou.

Antouka tout préchém préché nou nou pa vlé kouté, yon sèl bagay map di
nou: zyé bonDyé klè li pa nan dòmi.

Safè lontan map mandé Prézidan Martelly klé palè a, mwen konnen tout 104 kandida yo tap lagé nan boudam antèm sé yo ki pi bon, men sé yo ki tap wont.

Au nom de Jézi,

mwen chajé ra kòlèt ak kèlkéswa téknoloji ki gen nan makèt la, ak menm téknoloji sa a mwen pa pè université, mwen pa pè kolèj, jis puisans internèt mwen bézwe, mwen dispozém poum bay pèp la tout talan sa yo gratis, patou koté yo yé nan monde lan yap ka fè pakèt mas lajan yo san yo pa bézwen al nan van manman yo, papa yo, pitit yo, frè yo, sè yo. ak zanmi yo nan Dyab; Débloké péyi a. Tank nap fè rézistans nou pa vlé banm klé palè a poum chasé baka yo, déchouké Éstati yo pou libéré pèp la yap rantré nan tè paské bonDyé mandé Palè a sé pou Prézidan Martelly ak CEP a lagél yo kouri.

Mèt jaden mandé jadenl sé raché manyòk nou, avèk Jézi nou paka wont; mwen té di Prézidan Martelly Palè Ayisyen an pa pwal bati ak sang pèp la.

Mwen lagé nan wèl yo tankou menm Samuel sa a ki ékri nan bib la.

Pa blokém paském pagen fren é lè map pasé, tout 104 kandida sa yo gen pou touché 20 fwa plis lajan ké yap goumen an, gras a Dyé gras ak téknoloji.

Si yo pa mouri nan maniféstasyon.

Lagé péyi a, apran fè bonDyé konfyans.

Mwen paka di nou kém pwal fè mirak, men lèm Kazèk oswa Asek oswa Majistra oswa sal yé a nap fè yon gro diférans, kitém fini ranjé krédim nan makèt la nou pwal wè ki moun mwen yé.

Talè map rantré Ayiti, lè nou wè map péyé travayèm gro lajan ké yo pat janm touché nan vi yo, pa chaché touyém.

Rézilta a sé youn rantré nan lòt, antan poun antan nou.

Related Article:

FLASH: Haiti - Moise Jean Charles Security Team Walks out on him...

Haiti candidate for president Moise Jean Charles announces that the security company that was contracted to keep him safe has decided to call it...

REPLY to this message

Direct replies to this message:

Haiti needs a School of Agronomy in the North, a...

Return to Message List