Leve tet ayisien nan CARICOM. Li montre vale ayisien e fos...

Nesly Charles - November 28 2013, 8:45 PM

leve tet ayisien nan CARICOM.

Li montre vale ayisien e fos ayisien.

Li mete yon pinga devan dominiken ak desizion kriminel e rasis yo te pran kont ayisien.

Li raple peyi karaib yo amou ayiti te genyen pou defann vale neg nwa nan amerik la.Li mande peyi sa yo supo nan efo y ap fe pou defann dwa dominiken ayisien nan panyol.

E li fe dominiken konnen pa gen pies lwa ki ka elimine nasionalite yon moun.
politisien ayisien djol krochi yo pa bay sa vale. yo prefere batay pou kraze peyi a.Gen nan politisien sa yo ki se senate ak depite.

Yo pa janm vote yon lwa pou ede chanje mize pep la.Men kounie a yo pran lari, yo ba ti malere lajan pou pran lari fe dezod, kraze brize.

Pep la dwe konnen ke prezidan Martelly pa problem lan. Problem lan se nou ki pa vle chita ansanm pou konprann lot.an nou travay ansanm.

An nou respekte la lwa.An nou sispann vole leta. An nou bay la men pou nou chanje peyi a.

Viv Ayiti! Viv libete!

Related Article:

VIDEO: President Martelly Speech at CARICOM about Dominican Denationalization Issue

Watch the video... Haiti President Michel Martelly made a speech about the impact of the ruling by the Dominican Constitutional Court on the status...

REPLY to this message

Return to Message List