Ala bel sa ta bel si plis moune te kap li Odas Espwa, ou gin...

Cpt. D - February 18 2011, 7:51 PM

Ala bel sa ta bel si plis moune te kap li Odas Espwa, ou gin rezon pou moune kon li fok yo apran'n li, fok yal lekol.

Nan gwo inteview manch long ki pibliye tou patou Mr. Martelly admet piblikman ke li pa rin'min liv, li pa rinmin lekol, se bel fan'm ke li rinin'min. Li rankonte kijan li fimin' crack, li ak zanmil' te kno'n fimin mil dola crack pa jou. Odasite Espwa se temwayaj peseverans yon jin'n gason ki ale lekol, pesevere nan edikasyion ak bagay seriye jiskake lirive yon model pou moune tou patou sou late beni. Micky di li rayi liv, li pa rinmin lekol, li kampe nan route nan zafe edikasyon, tout program li komanse ke se saw, Lame yo metel deyo pou indisplin, Kompite, kontabilite elatriye li fa fini ak pies fomasyion.

Malerezman, nou pa kap separe Micky de Mr Martelly, ni itilize ni ti simone, ni ankin'n lot viye bagay zanmi nou micky te kon'n fe. jounin jodia, zot oblije af fe gwo estrateji, piwet, dodo meya, pou fe moune domi, bliye tout zak vagabondaj Micky abitie fe. Joumou pa don'nin kalbas, Piebwa bwa krochi pa kap drese.

Sa ou fe se li ouwe. Mwen rin'min Mr Martelly, min li papare pou'l dirije yon nasyon.

Bravo pou tout moune ki sipote liyo, se bel eksesis demokratik, chak moune sipote kandida ki ale nan sans pa yo pou yon rezon ou yon lot. Mwen pa nan pati politik, ni sipote Mme Manigat oubien Mr Martelly min nan kasa-a pep Haitien an ap rezigne'l ak Mme Manigat kise yon meye chwa kikap leve eskam'p figi peyi-a. nan sa nouye la jounin jodi-a nou pap tan pou le monde entie al griyn dent sou nou ak yon presidan san pantalon.

Jwet se jwet krochet pa ladan.

Gin moune ki pral vote Micky an min'm tan ampil moune kpat kon'nin yon seri de bagay, moune kite panse ke Micky se tankou Coupe Cloue chanje fizi yo zepol pou yo sipote Madan'm nan.

Response to:

mwen ta renmen tout moun ka li odas espwa, men pou ka...

Related Article:

It's Official, Wyclef Jean Endorses Sweet Micky For President of Haiti

Wyclef Jean Officially endorsed Michel 'Sweet Micky' Martelly in his bid to become the next president of Haiti in a press conference yesterday. Here...

REPLY to this message

Direct replies to this message:

mwen ploje nan reflexsion, mwen fe tout rechech...

Return to Message List