Biznis SOGENER Haiti se yon biznis san risk, pi bèl biznis sou la tè

Haiti Biznis - August 20 2018, 6:06 AM

Biznis SOGENER a se yon biznis san risk. Pi bèl biznis sou la tè.

Yon bagay ki pa eziste nan okenn lòt ekonomi gras President Rene Preval:

1 - Lè li komanse an 2008, apre yo fin bay li dwa pou itilize motè EDH nan Varreux 1 ak Varreux 2, pou'l ka achte delco, li pran yon prè nan men BNC;

2 - Li pran yon kredi nan men BMPAD #PetroCaribe ki bay li gaz la;

3 - Li vann kouwan oubyen blakawout bay EDH;

4 - Li touche nan men Bank Santral chak mwa -- ke li bay kouran, ke li bay blakawout;

5 - Sak pi rèd la, li fè plis kòb ak blakawout paske lap vann delco;

6 - Yo bay li gaz la nan franchiz, e li revann gaz la;

7 - Madanm Préval ki bay yo tout piyay sa yo, se asosye yo.

Me moun odasye kap pran pòz li ka pale kont kòwipsyon.

Nan ki peyi sou latè yon bagay konsa nan enterè leta?

Yo pa vini ak anyen.

Yo pa pran okenn risk. Yo pran tout bagay nan men leta epi yo fè leta peyo ankò.

Sa ki pi grav la, se lè Dimitri ap pale de "Appel d'offre"

Nap mande ki "Offre" misye te fè Préval. Paske nou pa kwè se kouwan.

Pandan Dimitri ap ranse sou rezo sosyo yo, chak mwa lap touche milyon dola U.S. nan Bank Santral.

Kelke swa pwoblèm leta, li gen dwa pran tikòb ki disponib la, menm si anplwaye poko touche.

Miltiplye 30 milyon kilowatt pa 0.29 U.S. wa konprann konbyen misye sot touche mwa jiyè-a pou blakwout w te wè nan zòn metropolitèn nan. Plis pase 9.1 milyon dola U.S.

Kidonk, li gen ase lajan pou achte moun ki san karaktè, fèmen bouch radyo, finanse manifestasyon kraze brize Don Kato, chache tchyoul pou bat bravo pou li.

REPLY to this message

Return to Message List