Kote Antant Demokratik K-Plim nan? Kote Bann Zombi yo ki te envayi lari a? Pep Ayisyen komanse konprann.

Neglakay - June 30 2016, 7:47 PM

Antant Demokratik K-plim te mete sou pye tou cho a, sanble se te dife pay. Bann Zombi yo ki te vle pran lari a pou anpeche vivan yo viv, sanble goute sel e komanse pran manm yo. Yo we kle ke jwet opozisyon anti- Privert a ap jwe a pap bon pou yo ak peyi a.

Pep souvren dwe kontinye kenbe tet yo pou pa swiv politisyen deraye ki pap travay vreman pou pep ak peyi. Meye solisyon an, se kenbe Privert jouk bon jan eleksyon rive fet pou nou fini ak radot fwod elektoral sa a kap minen peyi a two lontan.

Pep souvren kenbe la, viktwa nou two lwen. Sa majorite a kwe a, se sa li ye. Ti minorite malveyan an preske finn jwe denye zel kat yo. Yap pedi kanmenm pou peyi a ka pran yon souf.

REPLY to this message

Return to Message List