Moun serye dwe respekte kouraj depite A. Rodon ak kek lot...

Neglakay - June 30 2016, 7:22 PM

Moun serye dwe respekte kouraj depite A. Rodon ak kek lot palmante ki dako pou yo pedi pos yo nan souci pou fe sa ki byen pou peyi yo. Yo mande pou kraze palman an si telman yo konnen ke palmante yo pa merite lajan ak lot benefis yap jwenn sou do peyi a san yo pap regle anyen.

Sitiyasyon peyi a si telman difisil li pap posib pou Privert pran yon aksyon parey.

Sa ki posib, se pou KEP a nan tetkole ak palmante byen eli yo mete tout mal eli yo deyo pou pemet palman an rive fe travay pep la.

Pep souvren deja pare pou li sipote tout aksyon nan sans sa a. Alo, KEP a avek bon palmante yo, jwet pou nou. Pep la ap tann signal nou pou pote kole nan mete tout palmante malachong yo deyo nan palman an. Pou le peyi, pou la patri, palmante mal eli yo dwe soti nan palman an.

Related Article:

Haiti - Depute A. Rodon Bien Aime di KRAZE 50eme legislature la

Depute PHTK Antoine Rodon Bien-Aime di li mande KRAZE 50eme legislature a paske li di li pa wè raison d'etre li... ENGLISH: Haitian...

REPLY to this message

Return to Message List