Entenasyonal la femen bouch tout moun!

Antoine Hall - October 25 2015, 11:29 PM

Mwen voye al chache Met Andre Michel, Madam Mirelande Manigat, ak Madam suplice beauville nan tout peyi ya pou nal kanpe eleksyon 25 Oktob, 2015 la. M'preparem byen bone pou mal bay sipo pam, sanble mesye dam yo pa menm al fe jes patriotik la menm. A la traka mesye le moun chita ap pale met la. siw paka fe yon bagay, femen bouch ou. "Ayiti pa pou blan." Men depi Blan prezan tout moun ki ta pale, chat pran lang yo. Ki kalite Lide sa yo?

kote yo soti?

Kisa yo vle fe pou peyi Ayiti?

An tou ka, eleksyon an byen pase. Okenn moun pat kanpe pou dezod, paske dezod pap mennen peyi ya okenn kote. Pep la te kanpe dyanm pou yal vote kandida yo te panse ya pou yon ti soulajman ke yap tann depi preske 20 tan.

REPLY to this message

Return to Message List