Yo sézi! Yo pat kon planm, e byen mwen sipot&#233...

Patrick Princivil - May 8 2015, 4:14 PM

Yo sézi !

Yo pat kon planm, e byen mwen sipoté gouvernman lakay nou ak répons péyizan pou jiskaské mwen démoli tout vyé pati politik ki tap krazé, brizé, mét difé kont Prézidan Martelly pou li alé, sé apran fè politik.

Majorité gouvernman Haitien an mété ak klas pov la tro dézod, mwen rantré nan politik Haitien an byen mové, paské gouvernman Américain wè ké nou pa gen tèt ansanm yap rodé ko yo kom yon ban lion méchan pou kenbé pèp Haitien nan povreté jiskaské pou yo obéyi pou yo nan marié fanm ak fanm; pou yo nan marié gason ak gason pou yo ka vin kontinyé volè l'or nou yo, gouvernman la France ak Américain té ka pran yo e séparé yo moityé, moityé ak Prézidan Martélly, sé ava yo yé, yo vlé pran tout pou kont yo sé pou tout rét pouri nan tè a yo tro méchan, mézanmi nou pat kon sak té pasé nan légliz Adventiste Sinaï a nan carrefour Diquini apré tranbléman de tè a?

LaFrance té pran poze al édé Haiti pou yo té ka al profité pran l'or yo, Américain anrajé, zam ralé, Américain di gran manjè laFrance yo ké Haiti sé América ké avion laFrance pap désan, blan yo ap goumen pou bagay ki nan tè a ké menm gouvernman Haitien an pa konnen, tèt ansanm poun genyen.

É byen map di nou yon bagay ! Mwen sé youn nan moun kap pansé byen pou Haiti yo, mwen pwal nan yon bureau hérotik e map fè yo préparé yon gro fo bwa byen long rét tan gouvernman Américain an nan éléksyon ki gen pou déwoulé an Haiti ané sa a, si sé yon kokorat ki monté map plimen yo, yo pa menm ka manjé nan prop péyi pa yo poukisa yap vin fè diktatè nan pèyi pa nou?

Sé Haiti mwen soti, gran manjè sé gagot yap fè ak pèp Haitien ki nan yon séri de provens an Haiti; Menm bagay majistra makout yo té kon fè an Haiti a sé sa kap fèt an Haiti la a, mwen tap palé ak yon chofè bus nan Kwafè ki fè wout provens yo misyé fè konnen ké gran manjè yo tan koul fè nwa yo lagué 2 kamyon wosh nan lari a e yo opéré jiska 5 heures du matin sa vlé di: ralé zam sou moun pran sa yo genyen e moun ka menm mouri sa kap plédé rédi ap mouri, té gen lot moun la lèm té mandé koté chèf péyi a yo té fèm konnen ké sé yon vol organizé; kréyol palé, kréyol konpran, ki koté sa pwalé?

Yo fè konnen ké Prézidan Martélly nan jwé boule ak vyé ganstè machan drogue, kriminè, masisi ak madivine, Bèlè, gran ravine etc. Mwen té fèmen bouche mwen sil ka nan gouyé nan kanaval ak charonje santi sa yo kisa li pap fè?

Afè bagay la mairie a menm sé yon pakèt tèt chajé: misyé fè konnen ké chak maten gran manjè yo ranmasé $21:000; yo jis di ti machan yo $20 tax, yo pa menm gen yon ordinatè kap anréjistré lajan yo sé dap piyanp mét nan posh yo machan ki poko van yo yo jis pasé yalé lè yo rétounen si yo paka jwen lajan pou bay gran manjè sa yo nèg yo fouré zongle yo pran kont machandize yo e yo viré do yo yalé tout moun sé fèmen bouche yo moun paka palé avèk yo, men nan kisa pèp Haitien yé an Haiti la a?

Misyé fè konnen ké Réné Préval ak Jean Bertrand Aristide té pi méyè Prézidan, an nou pozé tèt nou yon késyon jodi a?

nou menm kité wè koman Haiti té yon lanfè lè moun sa yo tap dirijé, koté moun yo mouri nan lari la marie té kité yo a tè a afè chien mouri sé pa palé, pou nèg ap di moun sa yo té pi bon nan kisa pèp Haitien pran la a?

Pèp Haitien pa di ké sé anbisyon Présidan ak Sénatè (whatever) ké mwen genyen mwen rantré an Haiti aprè kandida yo té fin enskri.

Mwen té péyé yon taxi nan airport port au prince la pou té laguém nan rue Makajou poum té pran bus pou Lascahobas, mezanmi port au prince krazé nèt, vyé kay tol krazé; moun yo mal! Mal!Mal!Mal nèt. Haitien pa plis rantré Haiti anko, sé blan sèlman kap rantré al rapé tè yo nan men Hatien an Haiti pou kob yo; plis Haitien ap kité péyi d'Haiti pou zafè pa bon ak la mizè, plis blan ap ranplasé yo. Mézanmi sé pa kritik, sa politisyen sa yo ap fè a pa fè oken sans, sé ésprém té fè mwen mété fotom sou tout rézo internet yo ak yon guitar nan menm poum té ka bloké vyé politisyen maron yo pou pat al anbarasé pied moun nan enskripsyon ki sot fèt an Haiti a.

Tout jèn Haitien yo! Sak fini étude nou! Sak prèské fini étude nou! É tout sa kap étudyé yo!

Chapo ba pou nou soutou nou menm kap servi bonDyé yo map mennen batay sa a men mwen bézwen ède nou édém baré ban imoral yo, imoral paka ap vin korijé imoral, avègle paka mennen avègle, sé nou ki avenu péyi d'Haiti pa nan kouri al voté ti kokorat pou ti plat manjé, moun yo sé afè pa yo yap réglé.

Gouvernman Américain té konnen Michel Martelly ak madanm Sofya Martelly sé Américain trè byen, sé anba men Américain yo té yé: Michel Martelly jis soti nan chat charonje li (playboy) poul vin krazé konstitusyon sou gouvernman Haitien an konsa pou lal Prézidan sou pèp Haitien konsa sé paské yo pa kanpé sou anyen, pa fout voté pou yo sé sang nou yo pwal kontinyé sousé.

Pa janm mété nan tèt nou gouvernman Américain an gen plan poul édé nou, pagen (ISIS) vré sé yo ki (ISIS) la, sé kamoken yo yé.

Pou pakèt gran savé sa yo kap gonflé kou yo sou radio en Haiti e kap di yo fè étude en France, yo fè étude nan kisa sa yé kijan yo santi yo pou yap asisté pou gouvernman Américain permèt yo pou sé vyé Wiclef avèk malpropté mizik HIPOP li a li wè ki mérité nou pou vin Prézidan nou jiskaské sé Michel Martelly ki pat kanpé sou anyen avèk yon pasport Américain nan men li poul té al fini ak pèp Haitien bonDyé fè mal la pasé an byen.

Pèp Haitien ouvè zyé nou, mwen gen prop nanm pa mwen poum pansé, tan poun voté pou charonje santi mwen ankourajé nou pa voté pou pèson, kité péyi d'Haiti sou do gouvernman Américain ak Prézidan Martelly ak Sofya Martelly pou yo ranjél; Nou gen pèp Dominicain kap talonnen nou poun rét a tè a, yap van nou vyé produi, mwen acheté yon kribe poum pasé sab mwen jis mété sab la nan kribe pou yon prémyé fwa sa yo bay pou métal la chiré tankou yon twal: sa vlé di ké sé la boue peinturé ké yap van bay pèp Haitien; mwen acheté 2 sokèt nwa yo nan men yon lot, sokèt la tou nèf mwen visé anpoul ladan yo anpoul limen 2 fwa aprè sa lumyè pa limen anko, fil kouran soti nan sokèt la, lajan pèdi; yap toupizi nou san gadé dèyè.

Fè sure ké nou voté pou yon moun ki témoinyé ki pap pwal itilizé la mairie pou volè afè machan yo nan lari, kap fè wout pou nou planté, kap gen kontrol EDH, la douane ak kamèp etc. ban ti kokorat mété lavi nou an danjé sou zafè asirans machine an Haiti sé pou sa lè yon moun frapé bèl machine nèf moun nan lari moun soti nan machine ak zam yo nan men yo poul tiré moun ki frapé yo a; sé sak fè lè yon pitit soyèt frapé yon moun li oblijé kouri kité machine ou motocyclette la pou yo pa touyé yo. Fwa sa a mwen pa pwal bla! Bla! Bla! Bla! poum apiyé oken kokorat Prézidan; sé zèl nèg kap boulé kaochou, krazé brizé yo mwen té bézwen kasé; soté ponpé yon jou kou jodi a na gen yon bon Prézidan, kélkéswa sé yon chien ki monté Prézidan sé pou nou kenbél pou 5 ans, sé konsa pou dézod la fini.

Pa tan sé aprè 2 ans nou pral nan rélé aba Prézidan, sé pousa mwen fè prèské 5 ans ap sipoté Prézidan Martelly poul pratiké Prézidan, mété volè ak enbésil déyo, dépi nou chwazi yon Prézidan pou 2016 lan dépi li pa rémèt anyen; pou sé menm vyé la mairie, EDH, CAMEP, la douane, volè kap laguè 2 camions wosh nan lari piyé afè moun etc. kap kontinyé fèt sé nonsé Prézidan sa a menm jou a pou nou fan nan bouda yo.

Madame Manigat pa bezwen dékourajé, si li vrèman sérié e li répon pou li métrizé gran manjè sa yo kap fè dézod nan lari a mwen avèk li. Mwen konpran poukisa lap plenyen an, la plenyen pou gran manjè pa al nan bouré bulten vote pou kandida pa yo, sé pou Prézidan Martelly ta sonjé koman li té blamé Réné Préval pou sa e li té prè pou té vakabon pou boulé tout Haiti si li pat pasé nan dézièm tour, neg té menm ap tiré moun kap kolé papyé pou madame Madigat, sé kité moun yo voté pou moun ki fè yo plézi. Si kondisyon yo pa réspékté fwa sa a sé pa nan bouda maniféstan ké map lagué, fo bwa sa a kap nan menm nan sé Prézidan an ak gouvrnman Américain an map anfwaré avèk li.

Related Article:

Haiti Elections - Mirlande Manigat is OUT of the Presidential Race

Haiti Elections Update -- Former first lady Mirlande Manigat has just announced that she is is calling it quits... She threw in the towel.....

REPLY to this message

Return to Message List