Ah! Ah! Ah! Ah! Catastrophe, Pa bliyé sa! Bondyé nan...

Patrick Princivil - August 22 2014, 12:26 PM

Ah! Ah! Ah! Ah!

Catastrophe,

Pa bliyé sa! Bondyé nan syèl la té mété sou tè a yon
non-m: nom li sé té Adan e yon fan-m: nom li sé té Êve, apré yo té fi-n péché gran mèt la té marié yo e Adan té pot pantalon an, Êve té pot ròb la, sé kounyé a mwen wè nation ap chaché mélanjé sex yo, men nou-min'm Chrétyen nou kon-n sex nou.

Adan té pot pantalon an sé yon sinbòl ki di ké sé gason ki dwé lidè nan tout kay, légliz, gouvernement etc.

Ròl yon Prézidan sé chita sou tab négosyé ak Sénatè, Premié Ministre, la chambre des députés e ak tout parleman an, men-m jan lè 2 mou-n marié sé mari ki dwé gen dènyé mo a, sé men-m bagay la pou Prézidan Martelly, sé li ki gen dènyé mo a; pou alé pi lwen, té gen yon plédé rédi nan maison blanche entre pati démokrat ak républiken pou Prézidan Obama pat pasé bil ki pou aidé klas pòv la jwen swen doctè gratis, nèg té plédé rédi à la fin bil la té pasé.

Pa bliyé sa, ké Bondyé nan syèl la pa kont mou-n kap fé sa ki bien.

Dènyé kou ki pou touyé koukou a:

Prézidan Martelly ak Lamothe, mété ak chèf police la e ak 2 ou 3 ki bon nan parleman an ap travay di nan payi d'Haiti pou chanjé koulè figi Haïti, men-m pati Lavalas la ki rayi Prézidan Martelly ak Lamothe la ta sipozé di yo rayi chien an di ké dents li blan.

Mwen ta renmen ké tout pati politik yo réuni ansan-m dévan Palais National d'Haiti e pou témoigner e pou yo di wi ké Prézidan Martelly ak Lamothe se yon modèl.

Puiské sé Prézidan Martélly ka pwal gen dènyé mo a nan éléction an, li pa bézwen plédé rédi ak 6 Sénatè sa yo, la kon-n kisa la fè lè jou a rivé, opinion mwen: wè pa wè fò éléction an fèt, mèm-si sé a 4 Sénatè yo. Nèg Cité solèy tap fè dézòd nan cité solèy Munistah fixé biznis.

Nou tout wè ak 2 zyé nou sa pati Lavalas ofri nou, e nou wè ak 2 zyé nou sa Gouvernement lakay ak réponse payizan ofri nou, nan jou éléction an na kon-n pou kiyès na voté, men sé pa 6 Sénatè yo ki Prézidan d'Haiti, nèg ap palé de catastrophe, mwen ta swété ké Munistah ak tout la police
vi-n pi blendé e puisan an Haïti pou fixé biznis mou-n kap fè dézòd an Haïti.

Tout mou-n dwé wè bagay yo klè: pè Lebrin paka mixé ak dévlopman.

Related Article:

Haiti - Senator Francisco de la Cruz wants political dialogues to resume because...

Haiti Senator Francisco de la Cruz is asking for the dialogues to continue between the political actors in Haiti and the government in regards to...

REPLY to this message

Direct replies to this message:

Pelebrin pa mache AK krake Pelebrin pa mache AK...

Return to Message List