Haiti Politik - Pa étoné si tout bann rara met ansanm epi voye chef majò Jon an vini Prézidan en Haiti

Patrick Princivil - May 26 2014, 11:09 AM

Pèp Haïtyen, tout sé konsékans yo nap payé, lè na kité magouyè na va jwen yon bon solution avek sistèm payi d'Haiti.

Yo sèvi ak lévanjil pou yo plonjé nou nan tintin; min kounyé a yap sèvi ak mizik pou vin kontinyé bétizé nou, pa étoné nou si nou ta wè tout ban'n rara en Haïti met ensemble yo voyé chef majò Jon an vi'n Prézidan en Haïti et si'l pa pasé nan éléction an nèg yo ap près pou yo boulé Haïti. Kounyé a mwen kòmansé konpran politik Haïtyen an, puiské mou'n kap étudyé nan Université Haïti yo sanblé élève ki pa gin kob, Président an ginlè ap fòmé yo pou ya'l fè garde sécurité nan Canada-US. Mwen bay opinion sa yo en kréol, mwen pa ta rinmin payi blanc yo konpran jan de bay sa yo kap pasé la-a en Haïti. Sa sé yon pure décéptyon pou Haïti.

Imajiné nou Président Aristide ki ta sipozé mété avek Sénatè Moises Jean Charles, Lamothe pou ta fè yon sèl avek madameb Manigat et a tout lòt mou'n konpétan yo, ki pou ta fè yon sèl tèt ensemble ak Martelly pou fixé payi d'Haiti; sé pa-m wè kap pasé la-a, sa map apran la-a ginlè sé tout mou'n sa yo ki fi'n fè tout carrière nan lékol yo kap dégangolé et remplacé par yon pakète vaut rien kap marché fè tintin nan diaz, pa étoné nou si nou wè chef rara Léogane nan monté Président en Haïti en éléction 2016 la ki pou'l vini an, jou sa-a nèg savé ap mété tèt ensemble ak nèg ki pa kon'n li pou yo prèské boulé tou't Haïti si majò jon sa-a pa monté Président nan éléction an, tout sé konsékans péché ki mété nou la-la.

An nou pozé tèt nou yon kétyon?

Èské Haïti sé yon payi ou non?

Rézon ki fè'm pozé kétyon sa-a sé paské au Canada-US, lè mou'n ap cherché travay sou Internet, yo ékri sou rézo a min ki papier ak document pou nou dwé gin-yin pou apliké pou travay sa-yo, yo min'm di nou fò nou dwé gin-yin kòm pi piti 2 ans épériences pou apliké pou travay sa-a; sa apliké pou min'm travay siyé table, balé l'hopital, building gouvernement yo etc.

Gouvernement Martelly ak Lamothe la sipozé ta kon'nin bagay sa yo, mézanmi bagay yo pa bon konsa, gadé Prézidan Martelly monté nan yon Palais prézidansyèl nan condition sa-a nou aksepté'l konsa paské pou raison politik yo 33 candida yo pat min'm qualifé pou té min'm néttoyé souliers Michel Martelly sélon jan pèp la té kanpé, mwen pa wè yon rézon pou ké ninpòt salop ta pensé ké yo ka Président paské yo sèlman ka souflé yon banbou.

Opinion mwen sé pou Prezidan Martelly ak Lamothe ouvè yon sit Internet ké pou tout mou'n dwé kon'nin ki éxigence pou mou'n dwé ginyin pou ranpli post travay en Haïti, sak pa kalifyé a kapab kon'nin pou pa min'm pasé pré yon séri de pozisyon, mou'n a kapab kon'nin pou ki travay yo ka apliké.

Yon gouvernement ta sipozé kon'nin tout bagay sa yo avant yo monté Prézidan.

Sé government Haïtyen an ki crée dézòd la et byen'm nan bouda yo, sé swa yo ranjé payi d'Haiti korèctéman ou byen yo van'n payi d'Haiti bay you'n nan grande puissance yo.

Related Article:

SCOOP - Pouchon Duverger (Djakout Mizik) Candidate for Depute in the Upcoming Haiti Elections?

Have you heard? Auguste "Pouchon" Duverger, the singer of Djakout #1, has announced his candidacy for Deputé (Congressman) for the city of...

REPLY to this message

Return to Message List