Mr zandolit kako, ki wap Viv.nan lespas Gen le de pye'w pa sou...

Monel - March 23 2012, 3:24 AM

Mr zandolit kako, ki wap Viv.nan lespas Gen le de pye'w pa sou te-a non.ou byen ou ka Gen kek 40 tan nan diaspora-a, ou vinn bliye tout reyalite peyi-a.
Tou dabo, lame pa la pou mete sekirite, sa se djob lapolis ak yon gwoup ranseyman byen oganize.lame la pou seveye frontye, lanme ak lespas an ka agresyon yon lot peyi. li la tou pou fe rebwazman, ak pou fe entevansyon nan tout desas natirel yo.
mesye zandolit kako se pa palman ki rejte ni lame ni diaspora.pou lame-a mwen menm avek'ou tro piti pou nou konnen ki Jan lame-a te kraze.fok nou mande Aristide ak bill Clinton keksyon sa-a.
Se pa palman ni konstitisyon-an ki rejte lame-a.fok mwen di'ou pou listwa, lame-a te kraze depi le Prezidan AVRIL te mete kazenn desalinn ak kan leopa fas pou fas.
Pou diaspora se pa palman ki rejte yo, se konstitisyon 1987 la ke pep ayisyen te vote ak plis 87%ki te mete yon babouket pou diaspora, bagay nou panse ki pa jis, men fok se yon bon chita tet fwet pou nou mete yon lot konstitisyon pou bay diaspora dwa pal.
Gason mwen, m'tande ou di fok yo ta komanse ak moun sa yo ki la.mete yo nan konsantrasyon pou 2 zan. "HELL NO ".

Ekip san fwa ni lwa sa yo, se yon bann evade prizon, kidnape,zenglendo, pi fo ladan yo te nan lame ti manchet, ki tap kidnape moun patou nan peyi-a, ki tap rep ti moun tankou granmoun, moun sa yo nou pa ka komanse yon lame avek yo.
mesye zandolit kako, mwen mande'w pou reflechi, diaspora ap fe 2-3 djob nan di, pou ta mande yo voye lajan yo ayiti, pou sipote yon gwoup atache, kidnape,zenglendo ki pa vle tande pale de diaspora.moun sa yo ki di se ansyen milite yo ye.se menm ekip sa-a te konn kidnape diaspora.

e se menm evade prizon sa yo kap kontinye fe tout krim sou Moto nan capital la.
Tounen ak evade prizon sa yo, kidnape sa yo, zengledo sa yo, ti chime GNBis sa yo, ti ansyen chime titid yo, ak nouvo chime rozeblan yo, tout se menm, se Kom si ou di tounen ak lame-a Jan Li te ye avan 1994.
Yon lame kraze zo, drug dile, zenglendo,kadejake, vole,krininel.

Response to:

Ministah se yon l'ame tou, min li pa Ka rete avi en...

Related Article:

Haiti Government Orders Army Soldiers to Clear Out Of Old Army Bases

Haitian army veterans and would-be soldiers have been given a direct order by the Government of Haiti to clear out of the old army bases... Will...

REPLY to this message

Return to Message List