Bernadette bel fanm peyi dayiti toma mwen an.mwen koube'm byen...

Monel - March 2 2012, 4:00 AM

Bernadette bel fanm peyi dayiti toma mwen an.mwen koube'm byen byen ba devan'w pou'm di'wou padon si mwen te egzajere nan replik mwen te ba'wou-a, paske mwen ou kalifye'l de yon politik twotwa.

Menm si nou pa menm pozisyon ou se yonn nan 2 fanm sou blog la mwen gen anpil respe pou nou.pou kapasite nou, pou nivo nou.mwen pa we nan nou genyen okenn ti karakte machann pwason se pou te sa-a, le'm angaje'm nan yon deba avek nou, mwen soufwi anpil, paske anvan'm mete yon mo nan nimpot replik map ba nou, for mwen si ke mo sa-a pap fwase nou.
politik se yon syans ki tre sansib, an menm tan ki tre delika se pa ninpot moun li kite fe'l.se vwe li mande anpil odas, men li dwe ak yon sansibilite tel pou pa eseye blese yon moun nan yon opinyon ki jis.
Depi'w nan politik se preske se yon ipotek ou byen yon avans ou pwan sou pesonalite'w, li ra an ayiti pou jwen moun gen respe pou pesonlite yon lot le yo gen opinyon kontre.men pandan tout deba replik nou te genyen ni mwen ni wou pat montre nou te agresif lin anve lot.men depi denye evolisyon sou politik peyi a, nan denye replik yo mwen twouve te gen trop agresivite.

mwen pap blame'w Selman, mwen menm tou mwen te enpe agresif.

se dwa'w pou renmen Martely an depi de tout deriv lap fe, ki pap Mennen peyi a okenn kote, Martely se yon gwo elefan si nou pa stope'l e byen lap rantre nan magazin poslenn, chak le li vire ko'l lap kraze tout poslenn ki sou etaje yo, le sa-a se mwen ou menm ak tout pep ayisyen-an kap pedi.mwen pa renmen'l mwen pa we kisa la pral fe pou'm renmen'l.
Se dwa'w tou pou pa renmen Aristide, mwen tou mwen pa yon aristidyen, men an 1990 nou te Bali yon misyon pou Li te vanse ak mouvman lavalas la ki se aspirasyon pep ayisyen-an jis nan moman map pale la toujou rete kwe se sel mouvman ki ka Bali yon ale mye an depi de tout barye yo te mete sou tout pakou.

29 fev.2012 nou we li renouvle konfians li nan mouvman kote des milye pran la ri pou fe tande vwa yo.nou menm nan konsep lavalas la nou respskte manman lwa peyi nou, pou nou aritide pase, men lavalas pa pase, si yon moun mete nan tet'ou lavalas pase ou Gen pou fe kadyak.pep pa janm pase se yon endividi sel ki pase.
Se dwa'ou pou renmen le gran WA divalye, nou pa ka enpeche sa-a.men pep ayisyen pa ka bliye tout sa yo te sibi sou regim kriminel sa-a, ki te konn tiye, piye,vyole, egzile tout sevo peyi, ki fe jounen jodia nou nan eta sa-a.menm yon ti pye bwa mesye sa pat kite pou nou, li te koupe tout swsdizan pou kamoken pat kache.

Se pou rezon sa-a le'm te tande ou di bwa nan deye kamoken, paske li te konn tye manman, papa,pitit, madanm,1er 2e 3e genrasyon kouzin ak kouzine, epi ou di fok se yon moun konsa pou Martely te ye.
Le sa-a mwen di: mwen Gen obligasyon pou'm pa renmen Martely, fok mwen konbat li jisko zo, paske san ke ou potko mansyone sa-a, misye te komanse aji menm Jan ak kriminel yo rele divalye-a sel diferans martely poko komanse bwe san, men li komanse tout zak ke regim nan te konn fe nan tan lontan kote pat genyen cybercaf

Response to:

Si mren konpran ou byen, Martelly se yun pope twel li...

Subject:

The PARANOIAC CRACKHEAD'S PRESIDENT MICHEL MARTELY HAS FACED HIS FATE.

The president paranoiac Michel Martely face at his destiny.since a while ago Michel Martely was found alone,not even...

REPLY to this message

Return to Message List