Marie, siw vle diskite tankou bon moun se pouw pale tankou bon...

Radioespacefm - March 9 2011, 11:49 PM

Marie, siw vle diskite tankou bon moun se pouw pale tankou bon moun. Ou panse le wap di betiz nan yon deba konsa li pa anyen men wap kritike yon lot ki te konn fel pou lajan...se wou se mwen ki te fel fe sikse nan vil. Mizik sweet micky ap rete tout tan ap jwe sou tout radio ak televizion ayisyen.Wap banm poz moun ki sou rout echek...ou santi madanm ap pedi ou fache.

Ebyen fok ou te travay pouw ka jwenn rezilta.

Martely pa fe anyen ki mete Ayiti kotel ye jodya...o kontre li fe plis bon bagay pou Ayiti.

Li te genyen yon rev, li reyalizel.

Se youn nan mizisyen nou genyen ki kite mizik la ki pa genyen problem ekonomik.

Martely se yon MODEL pou tout ayisyen ki vle antreprann yon proje nan vi yo e fe sikse ladann.Mwen respekte Mirlande ak tout maril kom ayisyen parey mwen, men etan ke politisyen mwen pa genyen ankenn respe pou yo paske yo pa fe pou moun ta respekte yo. Se sa yap kontinye peye la a.Ya ramase monen...Wap di ou gen lespri, ou se diplomate ou pa menm konnen koman pou adrese yon pep kew konnen ki gen problem edikasyon.

Ou trete nou janw vle nan langaj ou...kote diplomasi ya la a?

Ou serel pou le ou pral pale ak blan.
Antouka, tout moun we kle konya..nou pap pran nan ansyen sistem sa a.Li pap mache e nap chanje pozisyon nou. Napral Vote # 8. Michel J Martely.

Ekzanp lan kle mezanmi..saw fe se liw we. Steven Benoit banou yon bel ekzanp.

Li te depite, pou bonn ide li, malgre anyen pa reyalize yon bal vote la kom rekonpans.

Madanm Manigat genyen plis ke 30 nan politik...banm yon grenn bagay kom proje ou byen yon konba li te mennen ki te mete vi li ak fanmi li an danje poul te ka defann pep ayisyen yan?

Ki le madan Manigat konn kanpe poul di me yon solisyon mwen ta swete jwenn ak tel problem.

Li te senate e premye dam...an silans li fe tout tanl nan sistem e chak 5 an li menm ak tout mari li paret...Se yon piyay...Nap toujou pedi...Ou pa ka pase klas ou san praparasyon.

Nap diskite san fache poun bay rezon kote ki dwe jwenn rezon.

Pa di betiz antan se nou ki di betiz se imoral.

Response to:

dim poukisa micky te kale alex li te souflete...

Related Article:

Candidate Michel 'Sweet Micky' Martelly Visits Little Haiti Miami

We have just learned that Haiti presidential candidate Michel Martelly will be in Little Haiti Miami FL tomorrow, Wednesday, March 2, 2011, to...

REPLY to this message

Return to Message List