Nou gin chans rebat kat la, remonte eskmap figi peyi-a. Lajan...

Cpt.d - February 20 2011, 6:44 PM

Nou gin chans rebat kat la, remonte eskmap figi peyi-a. Lajan fe ampil neg fe titin, grangou ak mize fe politisien depale.

Ampil admet ke Micky se yon wont nasyonal, yo paap vote pou li, min yo pe pale fo. Jodia ampil moune bezwin rich yon sel kou nan move zafe, raket, kontreban, drug elatriye.

Neg af fe nimpot zak pou lajan, yap danse toutouni, yap fe nimpote bagay sal pou lajan.

Eske nou kap lage yon peyi, min'm si se yon ti peyi pov tankou Haiti nan min moune ki pase toute vi yo nan raket, neg kabitie fimin krak?

Pwoveb kreyol ladi je ou wont nan se ladan'l ou pral kriye.

Chak moune gin ekip pa yo, Moune de bien, vagabon, bizango, champwel, tout gin fanatik payo. Eske yon moune ki rinmin peyi li pral kite ninpot moune dirije'l?

Micky/Martelly micky fimin krak, martelly pa fimin krak, Micky desan pantalon, danse toutouni fe lamayote pou lajan, Martelly pap fesa, Micky Bandi Legal, Martelly saj, Ya rete Micky pou move zafe, Martelly clean...

Alatraka papa! donk Micky ak Maretell se de moune diferan?

2 kalite paspo, 2 batiste, 2 tout bagay! Konfisyon, konfisyon.

Yon moune kap gin diferans politik ak MIrlande Manigat min toute peyi ak oganizasyion serie ap travay ak li. Nou rinmin Micky se vre, likap prezidan kompa, prezidan club mizik pou fe moune danse, min nou pa kap lage yon peyi nanmi Mr M. Non, mil fwa non nou pap kite peyi-a rive piba Chak moune reve Haiti payo, gin moune kap vote pou legalize drog, prostitisyon femin lekol.

Intelktiel yo pat fe anyin depi lontan anou bay moune ki anti-edikasyion, Moune kite gin moral yo pat regle anyen anou bay imoral la fe yon kou, Moune ki tap viv drat yo pat regle anyen anou bay sila yo kabitie fimin krak dirije, Lajenes pa bezwin moune serie, Ban nou vagabon nou! Se yon ban' blan kap vire loloj pep la pou eseye fe nou vale malatchon, non je nou louvri.

Pagin sa pies. Pa bliye mano Charlemagne te Majistra Port au Prince na sonje sal te remet...

Response to:

mte li nen uon mesaj ke le uon mun ap noiye li eseye...

Related Article:

Wyclef and Sean Penn Make Up Valentine's Day Weekend, Both Endorse Martelly For President

Here is a Valentine's Day Story you don't read about every day... Wyclef Jean and Actor Sean Penn reportedly locked themselves in a dressing room...

REPLY to this message

Return to Message List