Satio Tandem bien Sou Jean-Claude pat gin liberte pouw di ni...

Neg Maron - February 13 2011, 7:23 AM

Satio

Tandem bien
Sou Jean-Claude

pat gin liberte pouw di ni ecri saw vle
ou pat ka foure bouch'ou nan zafe pa regadew
(kel te verite ou pa)
leu yo arrete'ou si ou pat gin moun ki te konecte ou te entrave
la justice pat pou peuple la
li te pou yon ekip selectione
moun ki pat guin moun nan gouvernmen te peu tonton makout
viole te toujou existe min pa mim jen ak kkonyea
moin pat jem tande pale de kidnaping
portoprins se te yon bel bagay
etranje te kon nan tout larue ap fai foto
nan paramount cine
charles aznavour daniel santos mireille mathieu dalida te vin fai concert
harry belafonte, georges moustaki alain delon te fai concert
Bill Clinton ak madam te vin fai lune de miel yo nan peyia
chamdmars se te yon bel bagay
militaire te kon fai parade
fanfare militaire te toujou la les dimanche
bicentenair te yon bel bagay
ou te ka al patine sou glace
nan la rue machan pate te propre
machan pate burger (viand moulin) te propre
machan fresco te propre
machan akssan te propre
4 biscuit pou 15 centimes
1 dolla ayitien to vo 1 dolla ameriken
macici pat sou moum
madivinez pat sou moun
te guin ti blakout min te guin electricite
Haile Selasie te visite
Pope Jonh Paul te visite
plus haitien tap pati a coz de situation politik
au liew de pou situation economik
affai de jeune ti fi enceint pat regulier
pat guin sida min te guin morpion et lot bagay
te guin eldorado cine
te guin capitol te guin chaise kap bo deyeou ak airckonditione
te guin drive cine kote ou te ka manje kibis ak bou soda
portoprins te guin moins ke 500,000 mil moun ladenl
te guin enpil moun ki mouri san rezon
min ou te ka deyo ak 2 heures du matin coeupopoz

moin ta ka diw enpil lot bagay min map rete la pa
ka bien gin lot moun ki ta rinmin ajoute ou retire nan sam dia
min pa blie ke enpil nan yo tap minnin sou jeanclaude
guin yon bagay ke moin pap ka pa mentione c'est le fait que
EKIP FOOTBALL NATIONAL'LA TAL NAN COUP DU MONDE EN 1974

jean-claude se te yon ti piti yon ti baby doc de 19 ans leu'li yo te bal pouvoi'a konye'a se yon gacon de 59 ans ke nou espere ki apren nan lavi'a

jean-bertrand se te yon pret yon pere titid leu li te yon social activist
koneye'a se yon moun ke nou espere ki ka we bien et claire pou ayiti

rene preval se te premie minis titide ki te join yon manje tou pare
konye'a en nou espere ke li ka we pi loin ke vent li

en gade we sa experiens 3 moun sa'yo ka aide plante pou laveni peyi'a
min fok nou pa ret gade deye pase fok nou pousse pi devan

passe si nou rete ap gade mize ki te plante ki pa bay aucune recolte
nou pap ka concentre ak tet claire pou nou plante pou sa kap vini'yo ka bien recolte

retire encien ide'yo ki pa bay enyin nan ter'en epi plante nouvel ide'yo ki deja bay chanjmen pozitif

leu'ou guin ten tande mizik ti manno'yo se mim racine kompa en rever

aide tambou racine kompa'a mate

Response to:

I am a citizen Haitian, i was born and raised in...

Related Article:

AUDIO: Jean-Claude Duvalier Radio Interview, 7 Fevrier 2011

Former Haitian President Jean-Claude Duvalier gave an exclusive interview to Radio Signal FM in Haiti Yesterday, 7 Fevrier 2011. Listen to what he...

REPLY to this message

Direct replies to this message:

Thanks a lot for your statement and im Preety much...

Well said. I will translate it English and share it...

Return to Message List