Jean Claude Duvalier Bienvenu an haiti

Saintil Andre - January 17 2011, 8:55 PM

Mwen menm mwen pa we pou ki rezon nou gen proble paske Jean Claude retounen an ayiti, paske li se yon ayisien e li se yon ansien prezidan, visyon li se pou ede ayiti nan konstruksyon san ke li pa nan politik, men mwen poko jam tande yon moun ki nan politik an ayiti di ke map fe sa li di-a san ke yo pa join place prezidan.

An nou prankonsyan pep ayisien, an nou sispande mete bariye pou ayiti viye politik maron sa yo pat mennen nou okenkote.

Men si ke mwen te we tout ayisien te fe memm jan avek Jean Claude mwen tap mete demen nan tet mwen pou-m tap rele anmoye telman mwen tap kontan paske ayiti se manman kap kriye pou tout pitit li yo, si nou tout nou te fe-l konsa nou tap we koman peyi d'ayiti tap chanje.

Sonje byen peyi-a pa pou personn se pou Bondye li ye tout pep ayisien gen doua pou viv ladan li, ki le na va sispande pale de exil. zanmi yo fre-m sem-m yo an nou gade pou peyi-a ki fini avek tout pep la ladan, an nou pa chita ap pale vie koze ki pap mennen nou okenkote, an nou sispande chire pit, an nou sispande kraze brize, rekonet nou tou se frere avek seour nou ye. Pa kite lajan pran tet nou pou nou ap detree peyi nou an, nou tout kap fe tout bagay sa yo nou visite lot peyi nou we koman lot peyi yo organize.Men nou menm pa menm yon bon pack nou paka fe pou timoun yo ale joue, menm yon bon lopital nou pa fe pou tet pa nou alevoua si nou ta fe yon lopital pou pep la

REPLY to this message

Return to Message List