Ayisiyen an nou ouve ke nou

Saintil Andre - October 15 2010, 11:55 AM

Ayisiyen an nou yonn rinmen lot si nou yonn pa rinmen lot ki moun ki va rinmen nou apre Janvier 12, 2010 Bon Die mete nou tout ansam nan tout lari pou nou yon ka konnen sa ki rele rinmen.

Frem ak Sem yo an nou yonn si pote lot. Yon president pa ka fe anyin pou nou si nou yonn pa ka rinmen lot. Fem confiance parol sa yo se verite.

Suvan map poze tet mwen ketsyon map mande eske se confiace nou pa gen yon pou lot ki fe nou pa gen pasyen, si chak president ki monte au pouvoi nou pa gen pasyen avel li nou pap gen lavi miyo. Lavi miyo soti nan nou mem mem avek bon konprande.

Pou nou ka konn gou lavi se pou nou pakite yon lot moun di nou kraze brize.

Tout moun ki vle Ayiti change pou nou gen yon lot payi ouve je nou pou nou konprann sa kap pase nou pa besyon fache avk mwen mize nou an Ayiti se paseke person pa vle travail la terre enkor se selman chita tande transfer nan peyi etrnge.

se sa ki proble nou. Mem jan avek gro chef responsab yo se chita tande l'argent aid nan peyi etrange pou Ayiti pou yo kapab rich yon ak lot. se pou tet sa anpil nan yo mete nan tet nou pou fe nou konnen ke le blan tap dirige peyi a te gen yon lavi miyo men songe blan pa jam rinmen Neg Nwe savle di Neg Nwe se salte pou blan. Neg politik yo konnen sa ben paseke anpil nan yo voyage nan anpil peyi etrange.

Se message sa mwen te gen pou Frem ak Sem yo bon kourage.

tan pril bage mesage avek pep la pou mwen speciale Pep ki anba tent yo yon jou Bon Die va di yon mo pou yo.

REPLY to this message

Return to Message List