QUESTION: Haiti - Ki Lidè Politik Ki Tap Manifeste KONT President Martelly ki PA Kandida nan Elections yo?

Haitiens an nou pale... Konbyen leader politik ou konnen ki tap manifeste sou beton an kont President Michel Martelly ki PA kandida pou yon post politik (senatè, depute, prezidan, majistra, AZEK, KAZEK) nan elections yo? Kiyes li ye? Kijan li rele?

ENGLISH: How many political leader you know in Haiti who was protesting against president Martelly who is NOT a candidate for something in these elections? Protesting in Haiti has become a political campaign BEFORE the official campaign begins... What do think?

Anpil fwa ou tande yo ap pale nan non PEP LA, yo reyini moun pou di ABA, Vle pa vle Fò-l ale, Mobilise pep ak etidyan pou vale gaz lakrimojèn pou yo, moun menm mouri nan batay la paske vle pa vle fò-l ale, le ou la fason...

Jodi a, tout chef manifestation sa yo Kandida nan elections... Se pa PEP LA non ki kandida selman, ni se pa PEP la tou ki pwal woule bel machinn officiel tou nèf, touche 25 chek andedan bwat leta, mache ak gro sekirite, kat telefòn gratis, SIREN agogo tout kote yo pase!

"NON my fwuenn," Jan jounalis piman bouk konn di nan Miami, avantaj sa yo pa pou pèp!

Manifestation en Haiti vinn tounen kanpay elektoral avan kanpay officiel la komanse, se konsa neg fè non yo, se konsa nèg jwenn micro laprès gratis pou yo pale...

Ala de koze papa!!!

Question an anko se: Konbyen leader politik ou konnen ki tap manifeste sou beton an kont President Michel Martelly ki pa kandida pou yon post politik nan elections yo? Kiyes li ye? Kijan li rele?

Kite yon mesaj

Write a comment  (3)

You might also like

Return to Articles List

All Comments (3)

Capois says...

Jean Baptiste Bien

Reply  ... More

John says...

Sel K Plim ki pa

Reply  ... More

Flavio says...

Pa genyen e mwen toujou ap konpare mas moun ki deye yo ak makak paske mwen konne yo te gen pou pote fig ak pom pou yo, paske neg telman pa ven respe pou pep yo pa vote sale minimun yo pran yon gwoup enbesil mete deye yo pou mande pou egzekitif la montel, ki kote ayiti prale ak fom moun sa yo?

Yo pran moun mete nan lari manifeste kont lamot paske yo dil koronpi, li vole, li mante pou jounen jodi ya yo ap k'ap mandel ed pou ke li kapab pote soutye a yo, ki sa nou gen tet nou?

Reply  ... More

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: QUESTION: Haiti - Ki Lide Politik Ki Tap Manifeste KONT President Martelly ki PA Kandida nan Elections yo? edit

» »