Verite a sou tambou, majorite silencieuse la di ase. Sa ki nan...

Neglakay - February 14 2019, 12:03 AM

Verite a sou tambou, majorite silencieuse la di ase. Sa ki nan lari a la a, se pa sa ki te sou beton an depi 2 zan ki pase yo. Se pa mouvman opozisyon an li ye, se mouvman pep souveren ki pran destin li an men. An nou swete, pyes zago loray pa vinn Mennen nou chemen gwochi.

Se verite, Jovenel pa ka rete. Pep souveren dwe pare pou jere peyi a byen.

Wout dwat la se konferans nasyonal, palman kraze, yon gouvenman pwovizwa kap aplike mezi d'austerite nan tout leta a, yon konstitisyon amande, epi eleksyon jeneral nan 2 zan maximum.

An avan pep souveren, fe union pou sove tet nou ak peyi nou. Nou vle yon peyi pou tout Ayisyen, An nou mete men pou bati peyi sa a.

Related Article:

Haiti Opposition - Andre Michel says we will NOT bring the power to the Deputes and Senators

Some Haitian lawmakers opposed to president Jovenel Moise are expecting to maintain power should President Jovenel Moise leave office but the...

REPLY to this message

Return to Message List