PetroCaribeChallenge - Moun kap mande dechoukaj e ki pa vle bon jan anket, se Veye yo!

Ayisyen Konsekan - September 10 2018, 7:29 AM

Deblozay tout tan bay plis mize ak soufrans pou pep ayisyen.

An nou chanje Konpotman! An nou konstwi peyi!

Zafe Petrokaribe se nouvel Zam lopozisyon ap foubi pou destabilizasyon.

Yo vle fe bouyi vide ak yon rapo ki chita sou anpil mansonj e ki konsene 20 pwoje sou plus pase 380 pwoje ki fet ak lajan petro a.

Batay pep la se batay pou laverite ak lajistis.

Pou sa fet fok bon jan limye fet avek yon anket san fos kote. Se sa kap fe nou evite pou inosan pa victim pandan ke Mimi ki bwe let la ap gwosi.

Moun kap mande dechoukaj e ki pa vle bon jan anket, se Veye yo!

Batay kont koripsyon fok li rapouswiv nan tet fret. Fok li sispan yon batay lopinyon pou li vini yon batay tout bon pou lajistis ak laverite.

Se le sa petrochallenge ka yon mouvman pou pwogre pa pou destabilizasyon nan men politisyen ak sekte prive kap profite riches peyi e ki pa vle bonjan refom fet pou pwogre ak jistis sosyal, kidonk pou chanje kondisyon lavi mas pep la.

REPLY to this message

Return to Message List