Nan sa Ayiti tonbe la a, pa gen okenn premye minis, ni

Related Article
Highlighting SCOOP: Haiti - Non Ignace Saint Fleur ap site kom prochain Premier Ministre, Nan sa Ayiti tonbe la a, pa gen okenn premye minis, ni prezidan, ni opozisyon ki ka retire l. Selman pep souvren avek majorite silencieuse la ki ka rezoud pwoblem nan.
Pou nou pa pedi tan nan konsiltasyon ki pap pote bon jan rezilta map ofri lide pa m.
Prezidan Jovenel pedi anpil lejitimite, palman an sou lagraba, lajistis finn tonbe febles.
An gwo pep souvren lage pou kont li pou l pran responsablite jere peyi a. Si nou panse ke pep pa ka jere peyi l, panse anko, paske sila yo ki swadizan ap jere peyi a se tet yo, fanmi yo, ak zanmi yo yap jere. Se vre, li pran pep souvren tan pou l te rive we anba yo. Men Van chanjman kap soufle nan peyi a jounen jodia ta fe sanble ke pep zombi a goute sel e li pap rete nan eta yo genyen n nan.
Devan reyalite sa a, map pwopoze prezidan an pou l voye yon appel d'offre pou yon premye minis ki «emineman » teknik, ki konnen peyi a e ki ka jere gouvenman an pou res manda l la.
Premye minis la ak tout minis li yo ap touche selman yon Goud Nasyonal Chak mwa kom salaire sembolik yo pendan leta ap asire manje, lojman ak tout depans necese yo.
Palmante yo ap touche selman salaire yo avek yon «Lajan rezonab e unifom » pou peye lojman yo nan potoprens.
Afe sekirite, machinn, gaz, kat telefon elatriye...
se nan salaire yo pou sa soti.
Tout Haut Fonksyone leta ki an fonksyon ap swiv menm wout sa a. Tout sa yo ki gen pansyon ap jwenn tout privilej esansyel yo redwi a 50%.
Tout moun ki pa vle nouvo kondisyon yo gen dwa demisyone epi chache yon lot bagay yo fe.
Men sa ki dwe « Fey de wout » nouvo gouvenman an :
Jere pep la ak resous peyi a: Tout ti pesonel nan leta a dwe touche chak premye nan mwa a, apre sa a "Haut Fonksyone" yo va touche.
Lajan ki antre nan kes leta a dwe peye pou sevis esansyel yo tankou: La polis, edikasyon, sante, ranmase fatra ak repare wout etc avan tout lot bagay.
Sispann bay pati politik lajan epi fe Eleksyon kap vini yo avek yon « Force Volontaire » epi mwayen ki déjà la yo.
Tout aksyon sa yo ap fet pendan pati politik yo, phtk, sosyete sivil, ak tout opozisyon an ap oganize konferans nasyonal la pou di ki kalite leta pwochen prezidan an pral gen pou l dirije.
Si Prezidan an rive jwenn moun ki ranpli pwofil sa a e ki aksepte « fey de wout » mwen pwopoze a li gen chans pou l fini manda l la e sezi moman istorik ki prezante devan l nan pou l fe listwa nan peyi dayiti.
An nou pa bliye ke Aristide te gen chans pou l te le « Mandela Haitien » men li te rate okazyon an.
Si Jovenel, Palman an, ak Haut Fonksyone leta yo pa gen sajes pou we sa ki merite fet nan moman nap viv la a, pep souvren pap gen lechwa yo pral oblije fe sa tout pep sou late abitye fe le yo anba gwo opresyon.
Peyi a pa kapab anko, pep la komanse pale, Sak gen Zorey pou tande, tande.
Kreyol pale, Kreyol konprann
Related Article:
SCOOP : Haiti - Non Ignace Saint Fleur ap site kom prochain Premier Ministre
Men Nouvel... Kiyes ki pwal Premier ministre apre Jack Guy Lafontant? Non Ignace Saint-Fleur, Direktè General BMPAD la, ap site kom prochain...
✖️ Share this on X (formerly Twitter)
Direct replies to this message:
Comments
Reply
Hot Topics
The funeral of Former Haitian President Boniface Alexandre 14 August 2023
Former Haitian President Boniface Alexandre was laid to rest on August 14, 2023. A funeral ceremony was held at the Cour de Cassation in...
Does Haiti have to impose visas requirement to all...
Does Haiti have to impose visas requirement to all Countries that have imposed visas requirements against Haitians People? Specially U.S. Citizen...
Photo of Haitians seeking refuge at the US Embassy running from gang violence
Haitian journalist asks US Diplomat all the hard questions
In a rarely seen manner, A Haitian journalist had the guts to ask a US diplomat all the hard questions that the Haitian people want to know. Why...
Photo Stories
Jean Victor Geneus, Haiti Minister of Foreign Affairs
Jean Victor Geneus is the foreign minister of Haiti at the time where Haiti has no president and the county is under the administration of Ariel...
Haitians demand Justice for president Jovenel Moise
It's July 7th, the anniversary date of the assassination of the Haitian president. People are in the street with the signs demanding Justice for...
Rodolphe Jaar, confessed to having helped finance and plan the plot to assassinate Haiti President Jovenel Moise
Haitians want to know who financed assassination of Haiti president Jovenel Moise. Haitian businessman Rodolphe Jaar confessed to having helped...
A political alliance between Andre Michel and Steven Benoit, established since August 2015
In August 2015, during their respective presidential campaigns, political figures Andre Michel and Steven Benoit forged an alliance. Michel visited...
Patrick Gaspard takes a bite at Haitian Prine Minister Ariel Henry
Audios/ Videos
Haiti journalist Yvenert interview with Eric Stromayer, US Chargé d'Affaires ad interim to Haiti
Watch this bombshell interview of US diplomat Eric Stromeyer by a Haitian journalist Yvener where he asks all the hard questions that many...
AUDIO: Jij Yvickel Dabresil deklare Prezidan Jovenel te prezan nan Ti Bwa jou Koudeta 7 Fevriye 2021 an
Tande AUDIO saa...
Yvickel Dabresil, Jij Kou Siprèm ki akize kòmkwa li te òganize koudeta 07 fevriye 2021 kont prezidan Jovenel Moise la, admèt li...
FLASH! Yo fenk atake kay Andre Michel, boule machin li, kraze tout sa yo jwenn nan kay la
Gade video saa... FLASH! Yo fenk atake kay Andre Michel, boule machin li, kraze tout sa yo jwenn nan kay la
Gade video sa... Jimmy Cherisier Barbecue di li pwal dechouke Ariel Henry ak zam nan primati a
Gade video sa... Jimmy Cherisier Barbecue di li pwal dechouke Ariel Henry ak zam nan primati a
Gade video saa... Yo bare Andre Michel airport , ti valiz li tou nef, lap pati pou Etazini
Take a look at this video, Haitian opposition leader Andre Michel whom people say have never been able to travel because abroad because his US visa...