Pa gen kaché men voyé woche non! 99% moun ki...

Patrick Princivil - February 19 2018, 1:50 PM

Pa gen kaché men voyé woche non! 99% moun ki antouré Jovenel Moise yo sé volè yo yé, tout moun ta dwé wè sa; dabo vyé palman konronpi sa a, sé yon vyé palman ki pou krazé, vyé séna mwen wè la a dwé krazé.

Mwen pa gen oken réspè pou volè sa yo, si sé pou Jovenel Moise mwen santim kofortab; men si l paka bay délinkan Michel Martelly ak tout fanmi li, ak tout volè parèy li yo yon bwa long kenbé pandan 5 ans li ya, li ka pa gen chans pou l fè 5 ans prézidan oswa 2 manda kom prézidan Dayiti.

Dabo blan ak mulat pa ta dwé janm mété zago yo nan tèt pouvwa a pou yap dirijé, soutou pou sa moun sa yo té fè zansèt nou yo pasé.

Map gadé poum wè si nou pap gen yon bon opozisyon séryé ki pwal kanpé an fas vyé PHTK #1 ak vyé PHTK #2 ak Jocelerm Privert.

Lajan Pétro Caribé a malvéyan yo volè a, map gadé si bonDyé pap ba nou jistis nou; map gadé si volè ki nan sistèm nan pa pwal bay bann volè sa yo kanè pou yo pa alé nan éléksyon; monté sou pouvwa a, pa monté sou pouvwa a, sé maswifé nap fè volè yo monté.

Nou konnen koman mwen sot siporté Michel Martelly pandan tout 5 ans li ya pou opozisyon pat jété gouvènman li ya; fwa sa sé Jovenel Moise mwen siporté, kom sé minm po nwa parèy mwen ké li yé, épi li pat nan déchèpiyé lajan Pétro Caribé a; mwen garanti prézidan Jovenel Moise, mwen pa siporté PHTK #1 ak PHTK #2; si Jovenel Moise ka ba yo bwa long kenbé, sé fè l vit, fo moun sa yo pini.

See the related photo:

Haiti President Jovenel Moise : What's Going on?

Look at this photo... aiti President Jovenel Moise : Sak ap pase konsa? What's Going on?

REPLY to this message

Return to Message List