Banm réyaji nan lang manmanm ak papam t&#233...

Patrick Princivil - February 16 2018, 2:59 PM

Banm réyaji nan lang manmanm ak papam té mété nan bouche mwen yan, menmké sou gouvènman mwen té grandi a, yo pat aprann nou ékri kréyol, kèlkéswa mwen gen pwoblèm aksan, kréyol la sé lang mwen; lakay sé fout lakay nèt, lang Anglè a yap chaché dévlopé sou rézo a, pap janm maché pou mwen, dabo sé nan bèl chili titi palé bèl fransè gran manjè yo krazé Ayiti, gadé koman yo dépatya lajan Pétro caribé a, mwen pap voyé lang kréyol la jété pou po patate.

Aktyèlman Mwen sipoté Jovenel Moise sou pouvwa a pou 5 ans, soutou li pa yon délinkan, épi li gen métyé nan men li ki ka itil moun; mwen sipoté sénatè Calmira Cantave, kom li di ké li sé Adventiste du séptièm jou parèy mwen, épim sipoté sénatè zokiki ki di li té maché nan légliz baptiste; mwen sipoté kouran 24 sou 24 la, apré sa: si sé pou mwen Jovenel Moise té mèt voyé PHTK #1, PHTK #2, Lavalas ak séktè vodou a nan latrine.

Zafè pou avan Jovenel Moise kité pouvwa a an 2022; po sé limenm ki pwal nan préparé poupé twal li mété sou pouvwa pou aksépté manké moun déga, jouré manman tout moun janl vlé; di moun tout kalité bétiz li vlé, nou pap pran sa yo; sa fè lontan nou soti nan prézidan avi nan péyia, nou pap tounen nan apré nou sé nou anko. Si na l pran PHTK #1, PHTK #2, oswa Lavalas ak séktè vodou a; mwenmenm map tou rété déyo, volè PHTK #1, PHTK #2 ak Jocelerm Privert déchèpiyé lajan Pétrocaribé a, Lavalas ap krazé brizé nan péyia; kisa nou bézwen nan yon tou de mèd konsa.

Mwen éspéré anvan 2021 an; bonDyé nan syèl la ap mété yon bon jan opozisyon séryé ak anpil lajan ak anpil téknoloji ak konésans pou kanpé anfas Jovenel Moise pou rétiré pouvwa a nan men bann malfèktè délinkan krèk koko sa yo.

Related Article:

Change in Haiti Elections: President Jovenel Moise wants partial results two hours after the elections

In Haiti, the people have to wait over a month for elections results. President Jovenel want to change that. The President wants the Electoral...

REPLY to this message

Direct replies to this message:

Gad kouman w enbesil! Mwen tou mse Adventist baptize...

Return to Message List