Sila yo ki gen zorey pou tande, ke yo tande! Haiti, nan moman...

Neglakay - July 18 2017, 3:14 PM

Sila yo ki gen zorey pou tande, ke yo tande! Haiti, nan moman nou ye la a, pa bezwen yon lame.

Nan yon peyi kote moun kap travay nan lasante, ledikasyon, servis ambilans, netwayay lari a. elatriye pa ka touche ti monnen leta dwe yo a, kote nou pral jwenn lajan pou nou peye yon bon lame?

Prezidan Jovenel ap gaspiye kapital politik li nan yon pwogram male pou gouvenman n nan ansanm ak tout peyi a. Si nou sonje kijan lame te kraze, pou kisa lame te kraze, e ki moun ki te rive kraze l, nap konprann byen vit poukisa Matelly pat ka remete l sou pye e ki dife Jovenel ap eseye limen nan peyi a la a.

Si gen bezwen pou sekirite, yon ogmantasyon efektif polis la se pi bon remed la. Kontwole kontranbann epi ede le gen dezas natirel ka rive fet san nou pa remonte lame a.

Yon jou, nap ka fe yon bon lame. Pou kounye a, ranfose polis la, se meye chwa a. Sak gen zorey pou tande, tande.

Nan sa nou ye la, Haiti pa bezwen yon lame.

Response to:

quesyon lame sa a pa janm itil peyi a anyen se pa de...

Related Article:

Haiti Military - General Herard Abraham Calls for creation of professional Haitian army subjected to civil power

To bring or NOT to bring back the Haitian Army -- Retired Haitian army General Herard Abraham pleaded for the creation of a professional army that...

REPLY to this message

Return to Message List