Men sam rayi nan system politik péyi Dayiti! Kisa map...

Patrick Princivil - March 11 2016, 3:30 PM

Men sam rayi nan system politik péyi Dayiti !

Kisa map apran de gouvernman Ayisyen an dépi 2011 sè ké yon pakèt vyé sénatè ak yon pakèt vyé député vòlè, rakétè chita nan la chambre ak nan palè a yap fè la lwa, lè pou Prézidan Martelly té chwazi yon minis sété yon pakèt chiré pit, anvan pou yo té rési aksépté Laurent Lamothe sé té yon pakèt tralala.

6 vyé sénatè fè Prézidan Martelly ak lòt rès sénatè yo monté maswifé.

Késyonm gen pou Prézidan privert jodi ya, kòman nèg la fè fini chita nan plas li pou sé kounyé ya pou yon pakèt koko-rat sénatè ak député prétand ap di ké yo sé majorité épi pou yap chaché bloké yon minis kap travay pou péyi li?

Sak innèvém nan: vyé rat pa kaka kap fè sa yo, sé yon pakèt moun ki pa élu légal. Kout kòb yo bay anba tab pou yo rivé koté yo rivé ya épi pou sé menm vyé moun sa yo ki tounen kansè pou péyi ya é kap chaché bloké moun, paské yo kon kijan yo té monté sé pousa yap bay pwoblèm konsa a jis pou yo ka fè zanmi yo ak fanmi yo pasé nan menm vwa kochi a pou yal rapé plas yo nan men sak monté légal yo.

Mwen paré pou yo.

Related Article:

FLASH: Haiti - PM Fritz Jean Officially Submits his Original Documents to Parliament Friday

Haiti Transition Update -- Incoming Prime Minister Fritz Jean has officially submitted his original paperwork to to a special parliamentary...

REPLY to this message

Return to Message List