Kòm mwen gen dwa patajé 3 mésaj pa jou ki pa...

Patrick Princivil - January 28 2016, 7:15 PM

Kòm mwen gen dwa patajé 3 mésaj pa jou ki pa dwé twò long sou rézo a, sé sak fèm paka déchajé tout sam gen poum vidé mété déyò yo yon sèl kou.

Jovenel Moise mèt tounen nan jaden bannan nan, men chez sa a ap graté anpil, pi rèd pasé sigarèt sa ké Michelle Benet Duvalier té kité pou pèp la fimen nan 2 boute la.

Mwen mandé Prézidan Martelly bay opozisyon an sa yo vlé dépi kounyé a pou évité déchoukaj, sé dèyè vòlè yo yé.

Nou bézwen yon gouvernmam de tranzisyon pi vit ké posib, pagen wout pa bwa. Vòlè sa yo kap krazé zafè ti machan yo, vòlè zafè yo a, fò gen yon solusyon ak sa. Vòlè kap sousé sang pèp la sou plas piblik yo nan léwouj, la woulèt, séré ti boul fè nan ti godé anba men yo épi yap sékwé twa lòt ti godé vide etc. Sé vòlè yap vòlè lajan moun yo, gouvernman Ayisyen an pa dwé fèmen zyé yo sou sa, sé pa jis, fò tout bagay sa yo chanjé.

Nan gouverman tranzisyon an pou tout bagay sa yo chanjé avan yon Prézidan monté sou chèz la. Zafè pou yap sousé sang ti maléré ak pakèt mové kout boul bòlèt pou sousé sang yo, se pou sa fini ; kandida yo toujou di yo pwal éfasé koripsyon épi bagay sa yo toujou rété tankou kansè nèg fèmen zyé sou yo?

Èské nou vrèman renmen Ayiti?

Gaz chè, pyès machine chè, moto siklèt chè, tou bagay sé an US moun ap péyél ; moun nan pran yon ti asyèt katon épil mété 2 ti gren bannan tou wòwòt ladan ak 2 ti tranche tomate, yon ti zèl léti ak yon kwis poul épi yo chajé $30 Ayisyen ; sa a sé chyen janbé wi ! Aprè sa moun bwè yon ji lam véritab oswa yon vè ji éspagéti pou $7 Ayisyen, sa déja fè $37 dola ki égal a $187 goudes.

Sil vou plè bagay la pa menm pasé nan twou dan nou non. Sé nan rédi yap péyé moun yo 200 goudes pa jou, kiyès nap kraponnen?

Imajiné nou fò moun yo manjé yo ti bagay le maten, yon plat mayi moulen blache le maten ap van 100 goudes; sa déja fè 287 goudes, plus téléfon, plis dépans lakay, dépans lékòl, dépan machine.

Prézidan Martelly té gen 2 kay Aux États Unis, daprè sa yo di: misyé pèdi yon ladan yo. Si apré 5 ans Prézidan an ka acheté yon kay pou $ 8, 000, 000 00 US menm ké sou krédi, plis sa nou pa konnen.

Prézidan Martelly pa vòlè, men twò ava pa bon non. Sé pou sak fèm vin pi konpran pou kisa Jézi té di nonm rich la van tout sa kél té posédé yo é séparé kòb la bay pòv yo.

Nèg ap di péyi Dayiti pòv, péyi a pa pòv. Gadé map viv o Canada dépi an mars 1990 rivé 2016; mwen pa janm posédé menm $ 1, 000: 00 Canadyen ki rélém pam chita nan yon bank, sé touché ti monnen an épi bayol nan bil. Tandiské, prèské tout sa nou posédé nan péyi blan an pa pounou.

Tandiské moun Ayiti riche pasé nou bò isi a. A aaaaaaaaaa ! Map fout tounen lakay, genlèm pwal fout van krak, mayigwana ak kokayin, kòm mwen pap pran yo, JPP.

Yon bon ti péyi konsa, sé pou yo fout lagé péyi a an otaj, mwen pa pwal mouri pou la patri, mwen pa pwal pran bal plastik pou la patri.

Dabò sé nan kan lapolis mwen yé.

Mwen mandé Prézidan Martelly rélé chef polis la: Odson Orélus é rémèt li pouvwa a tout swit pou réfè éléksyon an, sil pa fè sa li mélé.

Related Article:

FLASH: Haiti - Martelly Says: I will NOT give the Power to those who Refuse to Go to Elections

Haiti Elections Update -- President Michel Martelly said publicliy that he will NOT surrender his powers people who refuse to go to elections.....

REPLY to this message

Direct replies to this message:

martelly paka kimbe peyi ya daso non li vfinn fe...

Return to Message List