Men kijanm fonksyoné! Dépim fin jwen sam bézwen...

Patrick Princivil - November 29 2015, 7:35 PM

Men kijanm fonksyoné !

Dépim fin jwen sam bézwen an mwen pa nan pèdi tanm pou map bla ! Bla ! Bla ak moun ankò, map jis tan 27 Désanm rivé pou sak gen pou fèt la fèt si bonDyé papa nou ki nan syèl la kontan.

Lè Sénatè Désras té propozé pou yo té chwazi kèlké moun nan group 8 (G8), si CEP a pat gentan volé yo pran désizyon yo té gen pou yo té pran an, sa nou pansém tap fè?

Koté nou wèm té gentan aprouvé Sénatè Désras la, mwen ta pwal rétiré foto nèg bannan nan sou page Facebook mwen, mwen ta pwal rétiré foto Prézidan Martelly ak Laurent Lamothe sou paje Facebook mwen, men menm pa tap unfriend yo dékwa pou lè map pasé règ mwen yo poum ka fè sur ké yo okouran de atak mwen yo, épim ta pwal koré group 8 (G8) la pou mété Jovel Moise ak tout PHTK, CEP a ak tout lòt pati politik ké yo té akizé nan frode déyò pou yo te rédrésé bagay yo jan yo vlél la: mwen tap ataké pou mété tout déyò pou akonpli sa ex - Sénatè Désras té mandé a.

Au nom de Jésus de Nazareth, au nom de téknoloji mwen pa jwé.

Nou bézwen yon gouvernman ké nou ka bay yon minimum 50 pousan krédi, zafè bagay chak 5 ans pou nouvo gouverman sou nouvo gouvernman ap plédé ranvèsé ansyen gouvernman sa a sé poul fini, sé nan konsak fè avoka yo ak juge yo vòlè konsa a. Tròp rakétè ak chat maron nan gouvernman Ayisyen an, sé ti pwason ki suiv kouran.

Sé nouvo gouvernan ki pwal monté 7 Févryé 2016 la dwé bay aksè ak tout politisyen ki pèdi éléksyon an yon chans pou yo travay nan gouvernman an si yo chanjé, nou pa bézwen moun ki pwal kalé bouda Prézidan ki pwal monté a tankou jan opozisyon an té fè Prézidan Martelly a. Si pou pwòp léta ki swa dizan léta nan yon péyi ap fè tenten saw vlé pou mas pèp la yé?

Yon moun ki lévé jwen manmanl ak papal ap viv nan fè zak malonèt pitit sa a ap soti malonèt tout, poul pata sòti malonèt sé si bonDyé fouré men pranl nan men Satan ak mové Zanje yo. Yo pa entélijan menm gadé dyab la ap apran yo fè malfèktè épi li pa vlé Ayiti dévlopé nan téknoloji.

Yo ta sipozé rélé anmwé aba frustrasyon épi yo pa menm ka konpran sa. Gadé date 3 grande puisans ap fè lanavèt nan péyi nou, yo ranpli ak téknoloji épi yap chaché bloké nou pou yo ka pran lò nou, diaman nou, platinum nou, gaz nou etc ak 2 zyé nou kalé pété kléré yo pa menm ka wè sa paské nou trò égoyis, JPP tout moun péyé sa. pafwa mouche ki soti nan tout charonj moun mouri, chyen mouri etc ranpli ak jèm sida, chikunkonnya, koléra etc al mòdé Blan zyé vèt, Dyaspora épi sé sak rédui anpil nan yo nan pousyè a menm jan ak klas pòv la. Nou -,menm klas pòv la nou sé nan labou santi a, charonje santi a, dlo mal trété a nou grandi nou oblijé blyé tèt nou poun sèvi bonDyé paské si nou la jodi a sé gras a li, klas riche la kap konté pakèt million dola yo sou do nou yo pa pi byen pasé nou pasé sa, JPP pa mank de konésans tout moun péyél. Paské klas riche la embésil, Satan fouyé trou li épil tonbé ladanl ankò, nou tout viktim de charonje santi yo.

Bondyé pa gadé sou bo gason ak bèl po poul béni oswa modi yon pèp ! Bondyé pa menm gadé sou konpétans poul sové yon pèp oswa détwi yon pèp, si yon nonm swa dizan di li konpétan épil malonèt sa pap itil pèson anyen.

Bondyé aji sélon kè, é pa sélon bèl po ak bèl figi li aji. Makak la ak sinje yo képèp la di ki lèd yo sé érè yap fè, tout bèt bèl mwen pap korijé bonDyé; tout moun bèl, mwen pap fè érè sa yo ankò, sé tenten lòm ki lèd men nou pa lèd gras a Dyé.

Apa pati opozisyon an fè 3 ans yap pèsékité Prézidan Martelly: fò prézidan Martelly alé ! Pandan yo tap fè dézòd, boulé kaochou, vòlè sab léta nan lari a, vòlè planche léta nan lari a, vòlè wòche léta nan lari, raché tout fé ki nan lari nan maniféstasyon pou yal van pou 10 kòb.

Sa Prézidan Martelly menm tap fè sé travay li tap travay ak pèl li nan men ni, ranmasé fatra, ankourajé pèp la pou planté, non sèlman li tap ankourajé moun pou planté li manyen wou ak pikwa a, ak pèl yo tou. Sé stil Prézidan sa yo ké péyi d'Ayiti bézwen, zafè le mwa sa a sé rétirél nan tèt nou. Kounyé a si gouvernman Ayisyen an al apliké pou prè pou dévlopman Ayiti yo pi fasil ka bay PHTK li paské yap pwodui sé sur ké yo ka parèt ak plan biznis péyi d'Ayiti, si yo mandé yo nan aplikasyon an kisa yo té fè nan 3 dènyé ané ki sot pasé a PHTK kapab parèt ak yon répons pozitif, men si yo ta mandé pati opozisyon an kisa yo té fè pan 3 ans kisa yap mété nan aplikasyon an?

Si yo mandé yo plan biznis yo pyé yo ap maré paské yo pap ka mété boulé kaochou ladan, yo pap ka mété tout vyé aksyon malonèt ké yo té fè kont Prézidan ladan.

An nou pozé tèt nou yon késyon jodi a, Yo di ké Laurent Lamothe rich li gen anpil lajan, li konpétan sé vré.

Yo di ké nèg bòlèt la (pè éternèl) gen anpil lajan etc. poukisa sé nèg banan nan ki dominé yo konsa ané sa a, pou kisa sé pa yon nan nèg rich sa yo ki pwal chita sou trone de gras la?

Dépi sou nom pè éternel sa a kèm ap soté pou Ayiti paském trouvé ké nom sa a bizare.

Dépi sé konsa yap aji yap toujou kòché bèf la bay gouvernman Amériken, Canada, la France épi sé rè vlen vyan yo ak trip yo kap rété pou gouvernman Ayisyen paské sé nan hing hang nap viv.

Si masonlòj ak masonlòj pa vlé ini yo, lougawou ak lougawou pa vlé ini yo, bizango gen hing hang pami yo, vodouyizan ap aji tankou chyen féròs ak lyon nan forè, fò nou déja wè ké Satan ak mové zanje pa kanpé sou anyen, JPP banm Jézi.

Alòm déja kaché nan ké wòb Jézi épi pou map gadé ké yap aji konsa ki gou yo banmwen pou mal nan pyé Satan?

Sa montrém ké makèt Dyab la sé désépsyon, banm fout Jézi mwen pap kité bon pafin pou mal woulé nan labou santi ak chawonj santi mwen pa enbésil.

Zafè Jovenel Moise pap fè 5 jou sou pouvwa a, sa a sé pawòl tafya.

Sé foto Jovenel Moise kap nan Palè a, men sé men invizib sa a ki rélé Léternèl dè armé kap kidé pèp li menm jan Satan ak mové zanjé déja planté zago spiritwèl yo nan biwo léta yo. Wè pa wè sak Prézidan an ap fè 5 ans, si sé Jovenèl ki monté Prézidan, si Jovenel Moise aji byen nan prézans bonDyé: bonDyé ap di Jovenel Moise bon é fidèl sèvitè; si Jovenel Moise aji mal nan prézans bonDyé li ka résévwa yon makouklou ki pa janm géri. Si sé Jude Céléstin ké bonDyé chwazi pou dirijé, menm kout baton an: sal fè a sé li lap wè Nou poko wè yon nonm rich ki plen ak lajan ak anpil gro bilding épi nonm rich sa pézé 1000 live, nonm rich la chita sou yon chèze woulante ak yon pakèt machine sou li sou prétèks kap kenbél anvi?

nou poko wè kòman yap bay nonm rich sa a manjé?

Benyen ni. Dabò sé yon tube yo konékté nan vant nonm rich la pou pousé manjé a nan vant nonm riche sa a paské nonm riche la gen tròp pwa li paka menm réspiré, pa fè sòt nou ak bonDyé nan syèl.

Yon pakèt moun ap plenyen ké Prézidan Martelly pat gen anpil lajan men kounyé li gen yon gwo chato ki kouté $ 8, 000, 000: 00 Amériken san konté lòt richès li genyen, sé pwoblèm sa a bonDyé gen ak pèp la wi, yo wè sa moun posédé men yo pakon kòman yo genyen yo, èské yo fè kòb sa yo nan bon kondisyon oswa mové kondisyon; yo pa menm pansé ké moun nan ka gen byen sa yo ak yon pakèt dèt, frustrasyon ak lòt pwoblèm, olyé poun priyé pou moun délivré nou préféré ak krisifyé moun. Alò yon Prézidan dwé rété pòv?

mwen pa kwè sa.

Misyonm sé pou ankourajé Prézidan Martelly poul fin fè 5 anl la an pè.

Misyonm sé sipòté nouvo Prézan ki pwal monté a pou 5 ans, sé sa map kontinyé fè pou tout lòt Prézidan ki établi an Ayiti pou jistanm mouri.

Zafè ti vi mésken chanjé gouvernman tankou rade sal la, sé sèlman yon ti group égoyis kap aji konsa.

Mwen la pou la pè, mwen pa la pou lagè.

Men si yon kandida pèmèt li pou lap rasanblé sanzavé parèy yo pou yal fè bri nan lari, fè dézòd, krazé brizé, fè vyé zen nan radyo, aji tankou ti machan trip poul santi ak pwason santi, aaaaaa ! Map manyen manm yo san baton.

Nan lute sa a pito sé SIMO ak lapolis ki frapé, paské si sé mwen ki frapé bagay yo ap pi térib pou moun sa yo, paské lèm faché sé Satan ak mové zanje yo kem kòmandé au non de Jésus pou dévoré dézòd yo, véyé zo nou avèm.

Related Article:

Haiti - DESRAS di Jovenel Moise pap ka fe 5 JOU sou pouvwa kom President

Tande sa... Nan emission Ranmasse, Radio Caraibes, 28 Nov 2015 la, Maitre Reynold Georges mande koman Jovenel Moise pwal fè 5 ans sou pouvwa...

REPLY to this message

Direct replies to this message:

Ak Jude pep la pral fai toilette yo pi bien. Fashion...

Return to Message List