Kounyé a mwen pa nan afè ni anglè e ni...

Patrick Princivil - April 20 2015, 9:46 PM

Kounyé a mwen pa nan afè ni anglè e ni fransè sé nan tili tutu palé fransè ak anglè sa a ki fè kandida malfrendeng mété ak blan zyé vèt yo krazé péyi nou.

An nou konsantré nou sou zafè website profésyonèl sou zafè biznis an Haiti, sim alé sou Google épim tapé non chak kandida États - Unis ou Canada sou zafè kandida pou éléksyon ki gen pou fèt yo map jwen yon rézilta politic kap dim kiyès ki kandida e kap mennen nan page website yo etc. Mwen pap janm arivé kritiké Prézidan Martélly sou zafè dévlopman an Haiti paské mwen konnen si li té genyen aksè ak anpil lajan nan men li poul dévlopé Haiti plis ké bèl travay lap fè an Haiti yo li tap fè plis ké sa, men li paka fè sang sot nan wosh. Gen plis ké 200 kandida pou Prézidan an Haiti jis kounyé a mwen paka wè yo sou Google, mwen paka wè yo sou page FaceBook profésyonèlman, mwen paka wè yo sou page Twitter profésyonèlman, sa pa fè sans.

Si nou alé sou WWW.fiverr.com, oubyen al sou Google tapé fiverr na wè de kisa map palé.

Konpayi sa a gen yon pakèt profésyonèl, ou jis péyé $5 US sèlman pou chak sa nou bézwen pou kisa yap fè Haiti pasé mizè konsa sou zafè technology?

Bagay yo la jis pou $5 US pou chak sèvis.

Mwen menm tou mwen ta renmen pozé kandida tou pou plas ki pi gro yo e désan nan plas ki pi piti yo an Haiti, mwen pa ta bézwen péyé yon biyè d'avion byen chè pou mal fè sa; mwen pa menm konnen a ki pyès poum maché, konbyen yo péyé nan pozisyon sa yo, si sa vo lapèn poum kité lajan U.S ak Canadien pou mal touché an gourde an Haiti sé sak fè nou gen plis ké 200 kandida pou Prézidan an Haiti jodi a paské moun gen pozisyon nan gouvènman Haitien an kèlké swa pastè ap plenyen ké yo paka acheté yon bisiklèt pou yo woulé an Haiti, sa pa fè sans.

Mwen konnen trè byen ké si mwen kandida pou sal yé a an Haiti fò yo votém ou pa votém, men lèm fin anréjistré sou internèt e lèm fin aksépté kòm kandida an Haiti lè sa a ma rantré ak fanmi mwen pou mal rabouré lòt ti kandida vòlè sa yo ki pa kanpé sou anyen poum gen vote sa yo si an ka pèp Haitien an ta vrèman kanpé pou Jézi. Mwen pa vin nan monde sa a poum fòsé moun konvèti men mwen vin nan monde lan poum ataké gouvernman ki pap bay bon sèvis kap fè vyé rakèt, kap vòlè machine moun nan la douane, kap vòlè konténè moun nan la douane, kont travayè kamèp yo kap pran ti monnen anba tab nan men pèp Haitien ki pa vlé péyé léta pou kouran ak dlo, pou EDH kap maché byen mal, mille moun ap soudé sou yon sèl ti branche kouran, frigidè ap soté, frizè ap soté, télévision ap soté e lòt kalité zafè moun ap soté nan 2 zyé moun yo kalé san intélijans, yo paka wè kòman rakétè gran manjè sa yo ap fè yo péyé konsékans la, e anpil nan légliz yo nan menm vyé koripsyon sa yo koté sak pa péyé kouran e menm gen boustè sou kouran an sak péyé kouran ki pa gen boustè ap viktim nan menm vyé koripsyon rakétè yo ap fè yo.

Mwen ataké rakétè la mairie yo kap vòlè afè ti machan yo bò lari a, li pa fè sans; mwen vin ataké rakétè la mairie sa yo kap maché sousé sang ti machan yo bò lari a pran ti kòb nan men yo anba tab pou yo ka chita atè a nan labou a van ti zafè yo, jou yo paka ba yo ti kòb la anba tab pou yal fimen crak ak mariguana bwa nan bouda yo, sé bagay mwen wè kap fèt ak 2 zyé mwen nan croix-des bouquets la police menm fèmen zyé yo paské sa fè afè yo; sak fèm mal la: yo pa menm ka bay moun yo yon maché pou yo van afè yo, lè moun yo rési gen yon maché lè la pli tonbé: la boue, kaka kochon, kaka bèf ak tout kalité kaka mixé nan la boue a, pagen wout nan maché a pou moun maché lè nou rési jwen yo ti kwen poun pasé sé lè a yon moun ap avansé ak yon gro vyé kochon oubyen ak yon gro bèf men longuè 2 kòn nan tèt bèf la, moun sé volé guaguè fouré pieds nan layé machan, avan pou ti klas pòv pitit sòyèt rési achété é poun soti nan maché sa a sé tout yon lanfè, sa pa fè sans. Lè sé lè la mairie ap opéré menm sé manman pitit maré senti.

Avètisman! Ti machan sa yo!

Pa fout voté pou pakèt vyé kandida malfrendeng sa yo yo fout fè nou pasé tròp mizè.

Mézanmi Delmas sa a nou tandé a sé kay ganstè, sé pa 2 moun kap plenyen nan porte bank yo, gen nan travayè kap travay nan bank yo ki asosyé ak vòlè, kou gen yon séri de moun ki fin pran yon lajan nan bank la té gentan gen yon moun ki éstasyoné machine yo ak zam yo nan men yo e yo ralé zam sou moun sa yo e yo pran tout lajan, péyi ganstè nèt wi. Koté sa pwalé?

Delmas nou konnen yon rue blokis patou machine paka menm boujé ladan pou vòlè jwen moyen yap vòlè sou bèl machine yo la police paka kenbé yo, sa a sé yon vòl òganizé.

Mwen té vin sou dosyé sa a déjà men fò mwen rétounen sou yo ankò pou pèp Haitien wè koté yo yé pi byen. Nan tout radio nou tandé plenyen, yo gen dwa arété yon moun pou zak malonèt li, li jis péyé yon ti kòb anba tab saw tandé a moun rantré nan porte dévan épi li pasé nan porte dèyè lalé lakay li, héhéy! Chalmas, a la koté gen kozé papa. Gen yon madanm ki pran yon taxi ak 2 ti kès kola nan men li, kotél fin monté machine sa a yon vòlè parèt ak zam ni nan trou zòrèy madanm sa a, e mandé madanm tout sal té poté, madanm té gen yon $200 US sou li kèk fanmi ki a l'étranjé voyé pou li pou péyé lékol pitit li, madanm té pran tranblé; chofè taxi a di vòlè a viré la poum palé avèk ou, vòlè a obéyi, chofè taxi a di misyé men $40 Haitienm ba ou kité madanm nan alé, sé konsa vòlè pran $40 li viré do li. Nan ki pil kaka sa a pèp la tonbé la a?

Mézanmi pagen anpil tan dévan zyé nou, avion Jézi a pwal dékolé, sé pa lapèn pou nap dòmi nan labou péché sa yo, konvèti pou répo nanm nou.

Vòlè yo ap sèvi menm ak lévanjil pou sousé sang moun. Juge vòlè Chrétien, avoca vòlè Chrétien koté sa pwalé?

Related Article:

Haiti Elections: President Martelly tells voters to Wait his Call on who to vote for

Haiti President Martelly is confident his PHTK political party candidates will win the upcoming elections. President Martelly ask the population to...

REPLY to this message

Return to Message List