Dépi sé pa Prézidan Martelly ak Lamothe ki...

Patrick Princivil - August 4 2014, 4:15 PM

Dépi sé pa Prézidan Martelly ak Lamothe ki bloké Éléction an pap gen problèm men-m nan sa, nou kon-nen trè byen sistèm éléction en Haïti té kon-n maché avek kout kòb anba tab, bagay yo vi-n si tèlman klè devan diaspora a, e devan le monde entié ké sé gouvernement lakay kap men-nen, pa gen route pa bwa.

Kounyé a gouvernement Martelly -Lamothe sé yon gouvernement ki trè avansé avek baz technology ki gen nan market la, ti coco-rat sa pat sipozé nan palè a ankò, yap fè sa pou Prézidan Martelly ka ofri yo yon ti kòb anba tab pou yo ka siyen lwa electoral la aprè sa pou yo ka akizé-l nan corruption, mwen pa kwè gouvernement sa a pwal pran nan pièj sa a.

Nèg yo pa vlé siyen pa gen mou-n ki ka di ké Président Martelly sé diktatè, kité yo fè tintin.

Sa ké mwen wè: sé pou Prézidan Martelly pasé yon lwa pou mété présyon sou 6 Sénatè sa yo pou yo témoigner nan yon réunion ki dwé prézanté klè nan télévision, steaming vidéo, tout média yo etc pou kisa yap bloké éléction an, si yo paka a-l di pou kisa Prézidan Martelly mèt mété yo déyò tè frèt e si yap bétizé sé pou gouvernement Martelly a fout yo rékò kriminèl pou yo pa jan-m mét pat zago yo nan gouvernement Haitien an ankò.

Épi vyé ansyen constitution sa a dwé chanjé, Président Martelly ak Lamothe fè 3 ans yap travay di nan payi d'Haiti sé pou kòb yo yap travay, sé pa vòlè yap vòlè, malandren sa yo fè la police ran-n tou ji nan vyé malfèktè sa yo ki tap maché krazé brizé nan fè maniféstasyon, gouvernement Haitien an pa men-m révoké yo e fout yo nan prizon.

Sé nòmal pou yo pa siyen, yo kon-n sa yo rémèt pendan tout tan Prézidan Martelly ak Lamothe la, yo jwen yon Prézidan ki trò démocrat.

Épi fò nou pap pèdi tan nou pou nap tandé vyé mou-n vilguè madan Sara, ti Sina, wélé wélé kap fè tintin nan radio kap fè tintin kont gouvernement Martelly- Lamothe la sé yon ban-n vyé mou'n ki pa gen anyen nan tèt yo, crak, cocaïne, marijuana, clérin, cigarette avek tout lòt vyé manjé toxic prèské fini avek yo sé sak fè yap aji konsa a. Sé a kout pied gro kalòt, ralé kouto yo trété Madan-m yo lakay yo ak nan buro yo; Sé ak dlo cho nan zòrèy fan-m sa yo ap maché chodé gason, pa pèdi tan nou pou nap tandé mou-n sa yo nan radio, yo pa kanpé sou anyin.

Ké yo vlé-l ké yo pa vlé-l, tout sak pa kontan sé anbaké.

Si ta gen yon lwa ki voté en Haïti ké tout mou-n gen dwa voté pou Prézidan plizyè fwa mwen tap fout al marché al voté plis ké mille fwa pou Prézidan Martelly paské sé yon gouvernement kap travay, sé sèlman mou-n ki pa gen zyé nan tèt yo ki ka pa wè sa.

Pa gen afè Prézidan avi, men nou pa inbésil na kon-n pou ki yès pou-n voté.

Related Article:

Haiti Electoral Council President has Doubts about Elections in October 2014...

The Haiti elections scheduled for 26 October and 28 December 2014 may NOT happen as scheduled says Haiti electoral council (CEP) president Max...

REPLY to this message

Return to Message List