Tandé byen mésyé, Mwen pa fout sou pal&#233...

Patrick Princivil - July 13 2014, 4:53 AM

Tandé byen mésyé,

Mwen pa fout sou palé Anglais, vieux diskisyon critikan sa yo nou pa bézwen étranjé kon-nin yo sou Internet pou yo pa- kontnyé ap ri nou kòm vòlè san tèt ak coeur.

S'il vous plaît piga vi-n mété foto Réné Préval, Jean Bertrand Aristide, et ni Jean Claude Duvalier, Prézidan, Madame Manigat, Jude Celestin.

Prézidan sa yo ployé zèl yo et yo pa vi-n nan éléction piga nou pran pòze ap itilizé nom yo pou-n réglé pròp afè nou. Si nap akizé Prézidan Martelly ak Lamothe pou rakétè, mwen pa di sé yon bon bagay li yé, si rekétè sé té yon bon bagay nou pa tap akizé yo, men si yo ta rakétè yo fè rakétè pou rétiré Haïti nan éta déplorab sa a ké nou-min'm politicien rabi sa yo té mété-l pandan 25 ans an, fèmin bouche en nou di wi nou sé kaka, si nou té gen tèt ansan-m sa pa tap rivé la. Sak fèm pap di nou-men'm diaspora yo nou soulevé trò ta sé paské Bondyé papa nou ki nan syèl la pa jan-m fè jistis ou poté délivrance li avan lè-l

Map di nou yon bagay: si grand mèt la pézé Moise Jean Charles, Anèl Bélizaire nan balance li, li tap ba yo yon kolòn zéro, pèp la paka manjé pè Lebrin ki yon caochou toxic ki bay cancer, kap détruis lavi mou-n, boulé machine, boulé kay, magazin, fè piyaye nan magazin mou-n et fè zin tripotay, wélé nan la rue, madan Sara payaya, machan-n poisson santi, fè tintin nan radio etc. sa yo pap utile nou anyin.

Prézidan Martelly sé premyé Prézidan nan l'histoire Haitien ké mwen kon-nen dépi nan tan mwen té fèt la jiska kounyé a ki mandé rékonsiliation Prézidan yo pou réuni avek li nou pa vlé konpran sa.

Nou aji tankou mou-n ki pa gen tèt ak coeur.

Nou-min'm ban-n politisyen tapajè sa yo bagay yo pa pral aussi fasil pou nou non, si-m té nou men-m mwen ta rantré griffe mwen, map di sa trè claire: sé sèlman mou-n fou, mou-n déranjé parèy nou ki pou al voté nou-men'm ban-n candida pachiman sa yo.

Viv Prézidan Martelly avi, sé pi myé Bondyé papa nou ki nan syèl la monté Prézidan Martelly Roi en Haïti. Mwen fout fatigué ak ban politisyen déprogramé sa yo, men yon sèl kondisyon mwen ta ren-men Bondyé mété anpil char de guerre, bon-m, robo de guerre ak misi-il nan payi d'Haiti pou pran kontrol politisyen brigan ak malvéyan sa yo.

Mòd candida sa yo, gouvernement Martelly pa men-m conté bulten vote yo nan éléction ki gen pou-l fèt la, sé triyé tout fatra sa yo et jété yo nan fatra et bay candida sa yo zero pou pèp Haitien an pa troublé.

Avek mou-n sa yo pèp la pap men-m ka manjé yon biscuit, ki ap toujou pousé classe pòv la pou nou-men'm kap viv à l'étrangé pou péyé lékòl pitit yo et pou ba yo labtop.

Mwen profité di nou biyè d'avion-m déjà rézèvé pou-m al rencontré ak tèt kalé ak Lamothe Miami Samedi 19 Juillet/2014 la. Anbisyon mwen ké la police Haitien byen touché pou yo fè travay la, yon police Canadien ap touché $346 Canadien par jour épi gymnase pou fè ponyèt men grosè pou manyen man-m dézòd yo, mwen vlé pou gen yon bureau police sérié nan prèské chaq quartié en Haïti avan nou voyé Munistah alé.

Tout zam ilégal sa yo kap circulé en Haïti a, nou vlé pou tout police sa yo gen détéctè zam sou yo avek radar pou marché arété malvéyan et sézi zam yo, nou vlé ti machan-n vi-n gro marchan-n au nom de Jézi pou yo ka péyé tax nan payi d'Haiti tankou tout lòt payi, nou vlé pou tout tè nan province yo ranpli ak manjé nan payi d'Haiti, nou vlé mété biznis nan payi d'Haiti et nap péyé mou-n kòm piti $150 Haitien pou kòmansé.

Si Canadien gen payi frizè sa a ki kòmansé en Otobre jiska mois de Juin yo riche konsa Haïti ka vi-n riche tou si nou travay fò.

Nou tap tan-n yon Prézidan ki pou bay diaspora libre habite, pou nou vi-n travay nan payi nou honètman avek bon kriminèl rékò..

Sa fè lontan vyé lidè pouri yo ap fè tintin nan gouvernement Haitien an. Sé konsa règle yo yé: yon tan pou makoute, yon tan pou civil; Yon tan pou candida tèt cochon et yon tan pou candida diaspora.

Viv tèt kalé Roi avi pour jiska la mort, pa fatigué kò nou talè mwen pral yon membre nan parleman Haitien an si papa Bondyé nan syèl la kontan.

Sé tout travay difisil yo ké mwen vlé, pa bliyé sa ké té di nou sa déjà, rémèt Port au Prince, cité solèy, Bèlè, Gonaive nan main mwen, rémèt job fatra yo nan men mwen et rémèt job construction yo nan men mwen et rémèt tout douane yo nan men mwen. rémèt La police nan men mwen.

Viv tèt kalé avi, yo fout trò dézòd. Sé li nou vlé et sé li nou pra-l voté.

Yo pat jan-m pété nan coton bay pèp la santi piga vi-n mété trouble sou chemin nou.

Map rétounen di nou sa si-m té égoïste men-m jan a mou-n sa yo mwen ta gen dwa fèmen zyé mwen sou Haïti men-m jan lòt ap fè li, mwen vlé vi-n sové kèk mou-n nan syèl la en Haïti mou-n à l'étrangé trò alèze yo jwen welfare Jo pa bézwen Bondyé, 2ème option mwen genyen sé acheté yon tèt camion tou nèf plis tèt la au Canada, mwen payé full asirans par anné épi-m pran yon chauffè avek mwen et mwen gayé nan ragé Canada-US ak Mexique, si map travay pou yon compagny map fè kòm pi piti $4,200 Canadien, imajiné nou si sé pròp Camion nou ké nou genyen.

Mwen tou profité avèti nou sa sé éléction an map tan fini, si-m ta wè nan bétizé politicien sa yo ké yo ranvèsé Prézidan Martelly ak Lamothe mwen tap di nou byebye mwen chita sou camion nou et mwen pap gen tan pou bèlpolitik.com ankò, diaspora an nou deployé tout fòs nou pou-n voyé Prézidan Martelly ak Lamothe monté, Haïti té jwen kon-t chance li pou nou té dévlopé avek tout troup sa yo ki té vi-n édé nou si nou kité Président Martelly ak Lamothe alé nou kaka.

Solution an sé viv Prézidan Martelly ak Lamothe pou jiskas rest la vie nou.

Related Article:

Former Haiti Prime Minister Jacques-Edouard Alexis Blasts Laurent Lamothe

The Battle of the Haitian Prime Ministers begins... Former Haiti LAVALAS Prime Minister Jacques-Edouard Alexis lashes out at Laurent Lamothe saying...

REPLY to this message

Return to Message List