Haiti: Tamara Orion (Radio Signal FM) ENERVE sou Sitiyasyon Politik Peyi d'Haiti

Woody - November 29 2013, 3:27 PM

Mwen tap koute Radio Signal FM jounen 29 Novanm 2013 la, Tamara Orion te preske enerve ak sitiyation politik peyi d'Haiti a...

Men kek bagay Tamara Orion de di nan yon ti rale li te fe...

- gen kek bagay nan konstisyon Haiti, li lakoz yon vagabondaj exajere

- Nou kontribue nan sak ap pase Haiti a (an palan de show politik li fe-a ak lot show tankou li).

..

- Nou pot ko pare pou democrasi saa

- Neg fe sa yo vle epi yo di se la democrasi

- Le yon moun di se pa pep ki te mete Mateli, mwen pa kwe ke se americain ki tap boule kawotchou pou mete Mately sou pouvwa

- Americain bay kob pou fe election epi pouw fe saw vle?

- Popilation an te di li pran kou nan men trop neg a ves, bayo vagabon yo

- Tout sa yo di de Martelly jodi-a yo te di tout de aristide 9 an de sa.

- Jodi-a Aristide, se ti jezi nan po krab epi se Martelly ki reponsab tout sak ki pa bon Haiti

- Jodi-a Vwazen an gen yon plan pou nou, e nou pa ka mete tet nou ansam pou sa...

Pa bliye Dominicain gen lame wi!!!

- Si yap chache nation ki rennmen fe deblozay, Haitien, nou chanpion.

epi nou vle peyi chanje?

se menm akte yo, menm reset la...

Chanje reset la...

- Gen de blofe laa map gade...

Mesye...

- Majorite popilation an, yo pa konn li, yo pa konprann, se sak fe moun ka monte sou do yo...

Saa se just kek nan bagan li Tamara te di nan bel rale li te fe jounen 29 Novanm 2013 la

REPLY to this message

Return to Message List