Tout sa nou we cap pase la an Haiti, mwen cre tout mounn sa yo...

Sergo Jean - April 19 2012, 4:08 AM

Tout sa nou we cap pase la an Haiti, mwen cre tout mounn sa yo gen rezon paske constitution ayisyen an bay tout dwa pou yo ecxiste.

Palmante yo gen dwa paske yo toujou di yo legal selon constitution an et mwen cre tou milite yo gen dwa paske constitution an bayo dwa tou antan ke institution d'eta an Haiti.

Si palman pat vle pou l'armee te exziste se pou yo te retire l nan constitution an le yo tap fe amandman ladan l, men se pat sa ki te interese yo se pou yo te ka ajoute temps sou manda yo epi declare yon premye minis ka ranplase prezidan la republic la o lie ke yo di foc peyi a gen yon vice prezidan ki pou pase nan elecsyon ansanm avec prezidan pou si yon bagay rive prezidan pou yo pa bezwen al kouri fe elecsyon cote vice prezidan ka fe res temps sou pouvoi, min yo te we se premye minis paske si yo pa gen nan elecsyon yo pral bay kou d'eta avec premye minis le prezidan pa gen majorite nan la chanb.

Yo te chwazi pou vote yon amandman nan constitution pou pa bay foul rekonesans a Diaspora ayisyen avec tout timounn yo genyen ki fet a l'etranje paske yo pa vle Haiti avanse sou plan economic e kalifye an tan ke peyi ki gen des citoyen kalifye nan tout domenn pou fe peyi a avanse paske yo vle mache tet bese pou toujou ap di de parol san sans e ki pa gen vale. Map di palmante sa yo al reflechi pou vote bon lwa pou peyi a ka avanse paske tout peyi ki devlope yo mache sou do mounn ki sot lot peyi ki vinn abite nan peyi sa yo e ki creye anplwa e sac pase avec pitit ter ayisyen yo menm ki fe yo pa ka inclu nan devlopman peyi yo. Pou mwen Haiti bezwen yon sel lwa nan zafe Diaspora ki ap interdi pitit mounn sa yo pou ta vinn prezidan Haiti si yo pa ta fet sou ter Haiti, men apre sa yo dwe gen dwa pou ocupe kelke soi post nan l'eta an Haiti paske yo se Haitien de sang e de meres et peres e yo lib pou servi peyi yo kom tout pitit ayisyen cap viv an Haiti e Zafe Diaspora dwe elimine sou sol la paske li pa ecri nan constitution ayisyen an li selman rekonet ayisyen se 2 paran ayisyen ki bay nesance a yon timounn cap pote nom ayisyen e kelke soi peyi timounn sa fet depi li Haiti li se ayisyen.

Mwen pafetman dako avec solda ayisyen yo pou kanpe an Haiti nan tout kwen peyi a pou defann dwa yo an tan ke milite paske peyi ayiti te jwen liberte l apati de solda ki te gen Dessalines avec tout lot zanset nou yo ki te kanpe pou nou pou permet nou gen yon peyi, menm jan UN ap pran swen yon paket lot citoyen solda ki sot nan lot peyi an Haiti, mwen panse antan ke nasyon Haiti gen dwa tou pou gen milite ke UN ka utilize nan lot peyi si yo gen bouch pou manje ayisyen genyen l tou. Puiske UN fonde sou ide e estrateji Toussaint L. te konn batay nan canp Franse avec Espaniol yo mwen panse ayisyen yo gen tout dwa yo pou benefisye de estrateji milite sa yo ke UN ap utilize dan le mond jodia

Related Article:

The Haitian Parliament besieged by gunmen

A session of Haitian parliament was suspended tuesday after gunmen posing as former Haitian military surrounded the Haiti parliament building. Haiti...

REPLY to this message

Direct replies to this message:

Sergo Jean, Moin gan pre 2 zan map di parol sa-a sou...

Return to Message List