Haiti is open for bussiness. Ki moun ka pral vinn investi nan...

Monel - March 22 2012, 6:40 PM

Haiti is open for bussiness.

Ki moun ka pral vinn investi nan yon peyi, kote vakabon san fwa ni lwa ap taye banda.

Malgre'm se yon viktim ansyen fos lame dayiti, mwen la pou'm respekte konstitisyon peyi'm ki di se lame ak lapolis ki se de fos peyi-a dwe konnen.

Mwen te viktim, kote papa'm ki te yon profese distwa, te arete, yo bat li, imilye'l, epi lage'l nan pwizon Fo dimanch ou fo lanmo nan lane 1969 pou tet li te repete mo "kominis"nan yon sal de klas.
Papa'm te vin libere nan lane 1976 sou presyon jymmy carte, ki tap fe promosyon pou dwa moun.
Fok gen yon lame se vwe, men se pa janm we paket bann jen gason ak jen fi ki gen 18 al pou 25 kan avayi tout ansyen kazen milite.

swadizan di yo se ansyen milite.

Ki laj yo te genyen nan lane 1994 le yo te demobilize lame-a.nou dako gen kek gren ansyen milite pami yo, ki fin granmoun ki pa menm rete dan nan bouch yo.
Pami Jen fi ak jen gason sa yo ou jwen;Evade prizon, kidnape,zinglendo, kadejake,repis, Chime GNBis, Chime Aristid, Chime Rozeblan, atache,makout kriminel ak kek gren ansyen milite ke nou ka konte sou dwet nou kap lage tout enserite sa-a nan potoprens.

Ekip jen sa yo, pami yo yon bann evade prizon, kidnape,asasen ki te sove nan prizon kal chache imunite swadizan ansyen milite.mwen panse se yo pa pwan mezi kont kriminel sa yo kap simen lanmo nan mitan popilasyon-an, pi ta pral pi tris.

Related Article:

Haiti Government Orders Army Soldiers to Clear Out Of Old Army Bases

Haitian army veterans and would-be soldiers have been given a direct order by the Government of Haiti to clear out of the old army bases... Will...

REPLY to this message

Direct replies to this message:

Monel, your father was one of the lucky ones. I have...

Return to Message List