Mwen ta rinmin louvri je nou sou sa kap pase nan mond nan...

Dieugrand Registre - March 11 2012, 11:17 AM

Mwen ta rinmin louvri je nou sou sa kap pase nan mond nan aktyelman pou nou ka komanse fe diferans ant limye ak teneb.

Limanite ap viv nan youn ba nivo ki rele polarite oubyen dualite ki se 2 fos opoze tankou: byen-mal, egalite-inegalite, consyans-inconsyans, rich-pov, siperye-inferye, jistis-injistis, intelijan-sot, mal-femel, jou-nwit, rinmin-rayi, milite-sivil, divize-regne elatrye.

Pa gen youn sel aspe nan ekzistans nou ki pa reflete realite sa-yo. Pou gen chanjman reyel fok sistem dualite-a disoud pou-l ranplase pa sa ki pral rele consyans inifye.

Sistem polarite a gen kom poto mitan: egois, intolerans, raisab, anvi, ogey, anksyete, kole, jalouzi, batay nan fanmi, batay nan sosyete-a, batay nasyon kont nasyon, batay ant religyon elatrye.

Tankou pawol la di tout royom divize ap detwi.

Se rezilta experyans sa-yo nan viv nan moman sa-a.

Pouvwa lajan ak pouvwa milite se fos sa yo ki kontrole sosyete tout mond la ajoute avek lapres kom potpawol yo. Pou konnye-a gen gro chanjman radikal kap fet nan tou 2 branch pouvwa sa-yo e ki ap kontinye jiskaske limanite libere.

Mwen selman ap bay 2 link pou moun ki interese verifye infomasyon sa yo:

Link yo se: americankabuki.blogspot.com
http://ascensionearth2012.blogspot.com

Mwen pa fose oken moun pou kwe nan anyen mwen selman gen obligasyon poum infome.

Qui vivra verra!

Response to:

Mr. Dieugrand: Le monde

Related Article:

Haiti, The Political Soap Opera...

Yesterday, as I drove my mom and dad to Boston Massachusetts to pay their last respect to our beloved Matante Amalia, I was listening to the news...

REPLY to this message

Return to Message List