nwel solidarite nan koripsyon avek yon pep ki nan mize!

Monel - December 21 2011, 9:28 PM

Nwel se yon peryod lanmou ak reflexsyon.Yon peryod pou poze anpil keksyon, ki ta merite yon gran deba pou yon remiz an keksyon sosyete nou-an.Yon sosyete ki pouri ak yon klas mwayenn koronpi kap monte yon eskalye agenou, kap ranpe je femen pou satisfe bezwen yo selman.

400 milyon goud ki egal plis pase $11 milyon dola us;se kob sa-a gouvenman Martely-Conille lan mete nan la ri-a pou yon nwel solidarite.Plis 60 milyon goud ki egal ak preske $1 milyon dola edmi pou pale nasyonal fete nwel. Keksyon nap poze?

Konbyen Minis?

Konbyen senate ak depite?

konbyen Majistra, ti zanmi ak gran manje ki pral pran pa yo nan 400 milyon goud sa-a.Konbyen Diaspora ansyen ti zanmi mizik martely ki gen tan konveti tet yo an machann jwett ki desann anba ak konntene jwett pou yal pran pa yo nan 400 milyon-an.Konbyen Divalyeris ki nan pouvwa, ki semante sa te boule pou yo an 1986jounen jodi-a fok yo tire sa yo te pedi.Bay bouyon popile fem sonje le divalye te vle bouche je pep la, nou santi se menm pwatik la-a ki vle tounen.

Nwel solidarite nan koripsyon ak yon pep ki nan mize, a pral lage plis divizyon nan yon sosyete ki deja dechire.Kote sa ki nan plis bezwen yo pap rive touche.Mwen panse se pa bay bouyon popile ak distribye kek grenn jwett, bay motosiklett ak 2 3 pik up ak voye lajan ate bay pep la ka pral rezoud pwoblem nan, mwen panse sapral kreye plis divzyon ak dechire nan mitan yon pep ki nan mize. Malgre tout mize yo nou dwe trete yo ak diyite.

400 milyon goud sa-a, olye pou nou fe pep la filalang ave-l, epi se ti zanmi nou ki pral benefisye-l, nou ta dwe komanse kreye yon anvironnman dirab nan retire moun yo anba tant, fe rebwazman, ede peyizan yo, le sa-a nou ta ede-l soti nan mize ak grangou liye-a.
Pandan yo pran mize ak grangou pep la pou cheval batay yo. Konsa yo rive rantre menm andedan inivesite-a pou yo konronp etidyan yo nan mete kanpe yon Raf mala-tchonn pou distribye kek grenn odinate ak frijide by etidyan yo;nan yon fason pou bliye prop revadikasyon univesite-a.Mwen panse sak ta pi bon; madan ta dwe achte odinate sa yo remet rektora.

konsa yo ta ouvri yon sant enfomatik nan entere tout etidyan inivesite-a.Men yo vle oganize maskarad sa-a pou femen je etidyan yo sou vwe pwoblem kap brase bil inivesite-a.
Nwel solidarite se yon fason gran manje ti lolit mete kanpe pou yo ka fe lajan.

Pandan pap la akoupi nan mize;pou yo kontinye benyen nan plis koripsyon.

FOBALD2001 profite espas sa-a pou nou swete tout PEP Ayisyen an yon joye nwel ak yon bonn ane 2012;nou di yo pa dekouraje;depi tet pa koupe li espere mete chapo.

ABA TOUT DEMAGOG;TOUT GRAN MANJE ti lolit.

Gonfle gonfle nou;men bat chen tann met li. Kreyon listwa pep sa-a pa gen gomm.

REPLY to this message

Return to Message List