400 million gourdes debloke:pouki sa?pou ki moun?

Monel - December 15 2011, 12:53 AM

Gouvenman Martely-Conille lan debloke 400 milyon goud pou fet fen dane-a, ki repati nan tout ministe yo, nan men depite ak senate yo.ak distribisyon jwet pou tout ti moun.Men keksyon map poze eske se pa yon fason pou fe gran manjer yo gonfle pou fen dane-a.Pandan Martely di li vle kreye 500 mil djob nan 3 zan pou soulaje soufrans pep ayisyen an, mwen panse an depi de tout gaspiyaj nan depanse lajan pou peye avyon prive ak komande ampil gwo prado ke gouvenman martely-conille lan ap fe nan peyi-a,400milyon goud sa-a se yon lot gaspiyaj anko.kote ke gen paket gran manjer ki antoure martely ki gen tan konverti tet yo an machann jwet pou yal gagote yon pati nan lajan sa-a.Kote gouvenman ap kleronnen "HAITI OPEN FOR BUSINESS" yo te ka komanse depanse 400 milyon goud sa-a nan enfrastrikti tankou limye, dlo, wout .komanse ekipe polis la byen peye jij yo konsa na ta atake ensekirite-a ;le sa a ou pa bezwen ap kleronen ke peyi a open for business.wap gen tan voye yon siyal kler by envestiser yo.Men si se bebloke 400 milyon goud pou mete lajan nan poch gran manjer ou byen pou fe ti zanmi plezi, pep ayisyen an fek kare roule nan petrin.Neg yo panse by chak moun yon 100 ou 500 san goud pwoblem nan pral rezoud;se pavwe !VWE MOUN ki nan bezwen yo pap janm jwenn, se toujou gran manjer ki te gen deja kap toujou gonfle.menm si yo ta rantre nan katye popile yo al by kob ou byen by jwet, tout moun pap janm ka jwenn, le sa-a ou vinn kreye plis divizyon kote tisi sosyal la te dechire deja. YO di nan 400 milyon an ya pral kreye travay a hott entansite, tankou kreye kelke ekip de 10 ou 15 moun ak bale pel pou pwopte lari.Pep aysyen pat vote martely pou sa.Pep aysyen bezwen bagay ki dirab pou yo ka soti nan mize ere yo ye jounen jodi-a.400 milyon goud sa-a te ka ede gouvenman komanse retire moun anba tant ki sou channmas yo.400 milyon goud sa-a te ka komanse nan envesti nan angre ak zouti, nan fe irigasyon pou peyzan nou yo. Konsa lemond antye ta we kote nou vle ale ak peyi dayiti toma.

REPLY to this message

Return to Message List