ADIEU Sonia Pierre!

Monel - December 5 2011, 7:05 AM

Sonia Pierre se te yon fanm vanyan yon pitit aysyen ki fet nan yon batey nan sen doming, se la li te fe tout etid li e se la kokenn fanm vanyan sa a te komanse defann e fe respekte dwa tout aysyen neg panyol ap maltrete .li te resevwa pri kenedi nan pey blan meriken pou respe dwa moun.nan yon pase madam Clinton te fe nan sen doming te felisite Sonia Pierre pou lit lap Mennen pou dwa aysyen yo respekte.depi le sa Sonia tap sibi yon paket persekisyon nan men leta dominiken yo.epi yon Sinp malez Sonia santi yo mennen-l lopital se la yo di li mouri ak yon Kriz kadiak.nou mande pou gouvernman martely-conille la Mennen yon anket sou sikonstans lanmor kokenn vanyan fanm sa a. lanmor sibit Sonia Pierre a pa kler fok nou jwenn limye sou kokenn chenn disparisyon sa a.yo tiye Sonia men rasinn ni anpil, 500mil Sonia ap repouse nan batey la pou kotinye lit Sonia te komanse a.
ale an pe Sonia fobald 2001 pap janm bliye-w !

REPLY to this message

Return to Message List