arniquet haiti ////.message a tous mes compatriotes haitiens.

Serge Pierre Louis - December 1 2011, 7:57 PM

SALI PARIYOT AYISYEN M YO KAP VIV PATOU NAN 4 KWEN PEYI ETRANGE PLI PATIKILYEMAN NAN PEYI ETAZINI AK CANADA.

GEN YOU BANN AYISYEN KAP MACHE VOYE COURRIEL BA MOUN OU TYEKE MOUN NAN LAKOU LEGLIZ, NAN TRAVAY, NAN YOU SERI DE GWO AKTIVITE KOM KWAZADE EVANGELIK, BAL AK FESTIVAL POU MANDE MOUN LAJAN AK YOU SERI DE LOT MATERYEL KOM RAD, NOURITI NAN OBJEKTIF POU DI KE YO PRAL EDE MOUN AYITI.

KONSEY M TA GEN POU MOUN SA YO, FE ATANSYON PASKE RESPONSAB GWO PEYI SA A YO AP SWIV AKTIVITE SA YO AK ANPIL ATANSYON .PASKE GEN ANPIL INFOMASYON KI MONTRE KE GEN ANPIL MOUN KI PRAN PLEZI ITILIZE POPILASYON AYISYEN NAN POU REGLE AFE PESONEL YO ...

FE ATANSYON SITOU MOUN KI PRAN PLEZI YO AP MACHE TYEKE KOURYEL MOUN SOU SITE MEDIA SOSYO YO POU VOYE FE DEMANDE DON SOU NON PEP AYISYEN AN.

GEN YOU TI PROVEB KI DI KONSA '' PAWOL YO ALE MEN EKRITI YO AP TOUJOU RETE '' PASKE MENM LE OU TA EFACE KOURYEL SA YO SA PA VLE DI ANYEN PASKE SERVEUR KI KONSEVE INFOMASYON SA YO SE PA OU KAP GERE YO .EFACE SE RANS DEPI NEG YO BEZWEN YO SE NAN YOU BAT GE YAP JWENN YO.

FREM, SEM YO SIL VOU PLE NOU GEN DWA VLE EDE SE VRE MEN GEN PLIZYE FASON POU OGANIZE BAGAY SA YO SAN OU PAP DERANGE PESON NI AL KACHE DEYE 4 KWEN MI .GEN SA YO RELE [ NON-PROFIT ORGANISATIONS],OGANISATION SAN BUT LIKRATIF, GEN SA KI RELE ORGANISME DE SOCIETE, SOCIETE D'INCORPORATION, ORGANISME DE BIENFAISANCE, CLUB DE LOISIR, CORPORATION DE SOCIETE, ORGANISMES A BUT LUCRATIF .TANPRI SOUPLE ESEYE APRANN TEM SA YO AVAN OU AL TONBE NAN GWO PROBLEM .GEN NAN BAGAY SA YO KEM SOT SITE LA A OU PAP PEYE YOU GOUDEN POU SA SE JIS METE NEG YO O KOURAN SELMAN POU YO KONEN KE ORGANISME OU AN EXISTE.

MERCI BOKOU PASE POU AL NAN RAKONTE, RANGE KOZE W AVAN .MALER AVETI PA TIYE KOKOBE SI MESAGE SA PA POU OU, KOU OU FIN LI LI DI VWAZEN W LAN SA .MERCI.

REPLY to this message

Return to Message List