Si prezidan vle combat coruption foc li jwen zouti poul fel...

Sergo Jean - July 9 2011, 9:30 AM

Si prezidan vle combat coruption foc li jwen zouti poul fel epi konsa nap connen cote nou canpe e ki cote nou vle ale demen.

Si INITE pa canpe sou anyen foc li jwen yon mounn ki ka coresponn avec li pou jwen bout li.Nou tout te rayi Duvalier men jodia nou renmenn paske sa nou jwen yo pi red pase l.Si jounal sa yo di li pat gen doua arete Yvon Neptune sa vle di:masac ki te fet vil St.Marc la te just, Universite leta cote chime yo te antre craze, touye etudian epi detri a te just, mounn ki te pran bal nan la rue e ki mouri yo gen doua pou mouri epi mounn yap kidnape epi touye yo just e tout bagay group neg sa yo te fe nan administration leta le yo anvayi yo pou jwen cob cach pou fe zac malonet yo te just.Map di yo ki loi e ki peyi ki permet jan de bagay sa yo fet san pa gen mounn ki pou met frin nan zac sa yo.Pou mwen senate avec depute pap vote l, paske gen anpil neg li pral arete e mete yo nan prizon pou coruption e si reyelman nou ta vle Haiti prop mwen panse nap bezwen yon mounn tankou Gousse pou netoye l. Paske anpil crim fet sou Aristide ap Preval epicoruption nan leta nou bezwen yon neg ki se gason tout bon pou al mare neg sa yo le lap arete senate, depute ke li pran nan coruption, directe,minis, prezidan jan ou we li te mete manda pou arete Aristide pou frod nan zafe telefone le li tap mande conpayi pou sere cob nan lot peyi pou pitit li, bagay nou connen puiske gen ameriken ki nan prizon sou zafe sa.Depi Duvalier te pati an 1986 Se sel minis kite fe anket ki abouti a yon rezulta e ki met neg nan prizon pou sa yo te fe ki pa bon.Yo pap kite l pase paske anpil neg pral pran prizon pou coruption, mwen souete prezidan nome li nan cabine prezidantiel li kom responsab an tet justice pou travay avec neg ki gen pou vinn minis justice an Haiti pou anket yo ka abouti.

Paske gen 3 pouvoi an Haiti exzecutif, judisie epi lejislatif se pou prezidan pran Gousse pou servi nan secreteri deta avec tout Rouzier pou vinn met lod nan dezod nan zafe public yo paske yap gen protection prezidantiel.Neg palmante sa yo panse intelijan paske yo se palmante men yo pa cre ke si prezidan di lap conbat vole avec mafia epi coruption li ka fe l tout bon. Bagay sa mande selman panse avec yon plan intelijan poul develope pou conbat neg ki panse yo plu intelijan yo.Pou mwen an reyalite tout sa yon neg rechte se ave l poul fel mache, palman pa vle Rouzier se pou prezidan pran ide ke li te genyen yo epi fel aplike pa ninpot neg ki vinn premie minis e met Rouzier nan yon pozition nan peyi a ki pap bezwen vot palman men ki pral fe palmante yo connen ke yo pa odesi de la loi le yo ocupe post sa e se de menm pou Gousse si palman pa vote l gen lot pozition lap ka ocupe pou met fin a zac malonet kec palmante ki panse yo odesi de la loi.Pou mwen pa gen neg ki odesi la loi menm Prezidan peyi a, paske li selman la pou servi e met lod nan dezod e si li pa fel bien foc li connen yon jou lap gen pou rann cont a la loi ki pral condane l, pou le li pat we le li panse li te we

Related Article:

Bernard Gousse, Haiti Prime Minister pick, God Awful Reputation?

In a lengthy article, the Miami Herald describes Bernard Gousse as "a former justice minister with a 'God awful' reputation as Haiti's top law...

REPLY to this message

Return to Message List