Zanmim, bon travay e bon kouraj, kenbe la pa lage. Nou sonje...

Patrick Princivil - February 1 2024, 10:15 AM

Zanmim, bon travay e bon kouraj, kenbe la pa lage.

Nou sonje lè m te kòmanse pataje opinyonm sou rezo a konsènan sou rejim Réné Preval ki te fè 10 ans premye minis sou pouvwa a, 10 ans prezidan, swadizan agonòm, ki pat janm plante menm yon pye zonyon sou tè peyi Dayiti?

Mwen pa bezwen pale nou de plante pye bwa, nou sipoze gen tout rekò sa yo la sou platfòm nou an, mwen pa janm chache retire yo, te gen moun ki te konnen menase m sou kont imèl mwen an konprenan yo tap voye vin touye m o Kanada, depi kilè?

Mwen kwè sete anviwon 2010 rive sou jodi a ki se 2024; mwen la pirèd ke yon ke makak, kiyès ki wont?

Jistis Bondye paka foule anba pye.

Map detaye bagay yo nan lang matènèl la manman nou ak papa nou te mete nan bouch nou ki se Kreyòl.

Mwen se yon moun ki gen dwèt mwen pwòp, e ki pa gen grenn zanno m k òfèv. mwen anfas tout politichyen ki mete peyi a kote l rive la a e mwen pap fèbak.

Bill Clinton ak Hillari Clinton te pèmèt yo, yo te voye Michel Martelly nan tèt pouvwa a, soutou majorite pèp Ayisyen an iletre, analfabèt e trè enbesil deja, pou yo te k dechèpiye sa nou genyen nan peyi a plis lajan yo te ranmase nan fondasyon yo, pwòp malfèktè parèy yo ki se Donald Trump te dezabiye yo nan kanpay li' respekte Bondye.

Nou sonje èfò m anfas lavalas pou te sipòte Michel Martelly - Lamothe fin fè manda yo poun te k chanje faz pouvwa a?

Nou sonje tout manifestasyon, sou manifestasyon kont Michel Martelly pou zafè doub nasyonalite a?

Se pa pase m konwonpi tou, menm si m te kondane sa Michel Martelly te fè a, selon deklarasyon Moise Jean Charles yo, jistis Bondye an ap rive sou yo yon jou. Nou sonje lè Michel Martelly ta l chache Jovenel Moise nan rak bwa a pote banou ak slogan tijaden bannann nan kijan m tap sipòte l an konprenan lavalas pat itil nou anyen?

Paske m pat konnen dega yo te fè nan lakou siperyè dèkont ak UCREF (ULCC)?

Mèsi Youri Latortue, mèsi Evalière Beauplan, mèsi UCREF (ULCC), mèsi lakou siperyè dèkont, mèsi sistèm jidisyè konwonpi an ak tout bwat leta konwonpi a. Batay la fèk kare.

Nou panse m te bezwen pòs travay nan men yo?

al gade sou www.indeed.com poun wè konbyen konpayi yo peye yon chofè kamyon ak trelè (az) oswa (klas 1), kontablite, teknisyen an òdinaté?

Mwen te pran sètifika pou kamyon an depi an 2007; jiska 2024 la; mwen te pran diplòm teknisyen an òdinatè a an 2010; mwen te pran diplòm kontablite a an 2011; jiska 2024; al gade sou www.indeed.com ak djòb gouvènman yo konbyen yo peye?

Pou kounya bagay ki nan menm mwen paka pale, misyon m se pou m fè direktè ak ajan dwan yo ak tout gouvènman Ayisyen an kite vòlè ak krim yap fè yo.

Ebyen faz batay la fèk kare vire nan men gouvènman Ameriken, Kanada, LaFrans ak sen Domeng, e yo pap k touye nou tout Ayisyen nan peyi Dayiti ak nan mond lan, bat chyen an tann mèt li.

See the related photo:

Revolution Revolution The Haiti system of governance must be done with

January 31, 2024, Haitians are in full revolution mode in the streets of Port-au-Prince, a protest sigh reads...

REPLY to this message

Return to Message List