Bon! Peyia te gen 30 gang nan opozisyon, ki te mete ak lavalas...

Patrick Princivil - November 18 2021, 3:43 PM

Bon!

Peyia te gen 30 gang nan opozisyon, ki te mete ak lavalas ak legliz katolik, ak sektè prive a ki tap bloke wout, fèmen peyi etc....

Pou te voye Jovenel ale pou tout akizasyon lajistis ki te tonbe sou do Jovenel Moise, ak tout dilapidatè parèy li yo, olye pou Jovenel Moise te demisyone poun te fè jijman sou plis ke 4 milya dola petro Caribe a, ak 14 milya dola Bill Clinton, Hilary Clinton te kraze ak Michel Martelly - Lamothe ak tout ekip la; Jovenel Moise te prefere pran pretèks li tap goumen kont 3 boujwa sou 11 boujwa pase poul te demisyone pou pwoblèm nan te regle.

Jovenel Moise te prefere pase nou nan betiz, poul tap di: Lè nap di poul rache manyok liya, kisa yap ak nèg li yo?

Kreyol pale Kreyol konprann.

Lè nou soustrè 30 gang nan 161 gang, an tèm yon prezidan ki te sipoze kraze 30 gang opozisyon an pou pèp la te delivre anba men bandit, se 131 gang Jovenel Moise ak PHTK ajoute nan peyi a. Ou té fè plizyè mwa bèbè,ou pat janm pale akoz de krim ak kidnapin Jovenel Moise, PHTK ak tout ekip la.

Mwen ankouraje w fè yon silance poun wè kote gwo mechan yo ap rive. Dabo se mwa Janvye a map tann rive pou tout pos senatè yo ekspire pou gouvènman an fin kraze nèt poum wè sa pakèt minis gangstè yo ap fè ak peyia.

Mwen bezwen koman yo pwal chanje konstitisyon saa pou noumenm dyaspora entegre nan sistèm nan pou eleksyon fèt nan peyi a, noumenm Ayisyen: nou lèd anpil, se Bondye menm ki imilye nou.

Anpil bagay Babekyou di yo trè bon, mwen ta renmen konnen nan ki bu G9 an fanmiy e alye manyen yonn manyen tout, 400 mawozo, mete ak tout 161 gang yo ap kontinye batay saa?

Kijan Bandi yo santi yo lè yap manje lajan krim yo?

Ou kwè yo ka valé manje ak bwè nan lajan krim yo anpè?

Kijan lapolis la santil?

Related Article:

Assassins are assassins, we will treat them as such, Haitian prime minister said. does he really mean it?

In a recent visit to the Haitian National Police, Haitian prime minister Ariel Henry declared that from now on he will treat criminals like...

REPLY to this message

Return to Message List