Opinion Politique: Se Jovenel Moise ki enmi nou an, Fòk tout blòf fini, fòk kesyon koudeta ak tranzisyon fini nan peyi sa!

Haitians On Whatsapp - October 12 2019, 7:36 AM

Refkeksyon -- Nou Tout konnen nan ki konteks Jovenel Moïse Te vini nan Politik Peyi li! Jovenel Moïse Ap rankontre difikilte depi menm Jou Pou li enskri kòm kandida Pou eleksyon prezidansyèl !

Jovenel Moïse se youn nan kandida ki fè plus kanpay, Li se youn nan kandida ki te rejwenn popilasyon an e tout moun te di yap manje bannann nan sou tout fòm paske Jovenel Moïse sanble ak pèp la E li se pitit pèp la!

Poukisa jounen jodi a nou kwè Se Jovenel Moïse ki ènmi nou an?

Ske nou kwè tout bon Se Jovenel Moïse ki enpeche bèl rèv ak bel pwojè li te genyen pou pèp la reyalize?

Yon Nèg ki te chwazi fè 20 Mwa kanpay chak jou li nan tout peyi a, nou panse lap fasil pou li al remèt pouvwa bay Ti André Michel ki pat menm fè 2 semèn kanpay, e ki te arive fè 1% nan eleksyon.

Nou panse Jovenel Moïse Pral bay Beauplan, Youry, Nenel Cassy, Ricat Pouvwa konsa pandan nèg sa yo nan systèm nan depi aprè 86, Yo senatè 3 fwa, 3x6=18 ans ap souse peyi an! Jovenel Moïse apèn pral gen 3 ans nan systèm nan, nou vle fè pèp la kwè se Jovenel Ki problèm ayiti depi aprè 86, Fòk tout blòf fini, Fòk kesyon koudeta ak tranzisyon fini nan peyi sa!

Avan Jovenel Moïse Vin Prezidan li te fè 20 Mwa kanpay avan yo asèpte li kòm prezidan yo te fèl fè 22 mwa Manifestasyon! Sa vle di bagay yo pat fasil depi nan kòmansman pou Jovenel.

Ebyen Ti mesye Opozisyon yo Jovenel jis vle antann ak nou pou li chita pale, paske nou tout gen plan devlopman pa nou, men fòk nou jwenn yon antant pou se yon sel plan ki pase pou retire pèp la nan mizè nan soufrans!!

Respekte konstitisyon an, respekte demokrasi, Respekte dwa moun se sel règ ki ka pèmèt nou mete tête nou ansanm pou nou vanse ak ayiti!!

Viv Demokrasi! Respè pou konstitisyon peyi a e viv dwa moun!!

REPLY to this message

Return to Message List