Haiti - Kijan yon mitrayèt Galil palè nasyonal fè rive nan posesyon gang ki endekse nan masak la La Saline?

Analyse Politique - May 11 2019, 4:40 AM

Li tèks sa a, analiz Stanley Lucas sou dossier gro zam palè Nasyonal lapolis jwen nan men bandi La Saline...

Kijan fè yon mitrayèt Galil ki selon lapolis nasyonal pou polisye Pierre Leon Saint Remy kap travay nan Palè Nasyonal rive ateri nan men yon gang ki nan rue Porcelaine ke lapolis kraze?

Bandi ki te gen galil sa nan men yo se Pierre Richard Saint Fort, Polesse Dossous alias Mazora e Sadrac Brice.

Zam sa disparèt nan Palè ant lè Prezidan Martelly kite Palè Nasyonal e lè Prezidan Privert rive an Fevrye 2016.

Sanble nan operasyon lapolis aletranje, gen 3 galil konsa ke yo jwen, 2 Jamayik 1 Sendomeng.

Gen 3 tou ke lapolis jwen an Ayiti.

San politik, lalwa nan men tout moun repons dwe bay prese prese.

Nou dwe kase ren ensekirite a pou san pèp la sispan koule e pou fasilite progrè aktivite ekonomik yo.

Pou plis detay sou Nouvelliste, klike la

lenouvelliste.com/article/201573/un-f...

Stanley Lucas sou Facebook
web.facebook.com/StanleylucasHaiti/ph.../

REPLY to this message

Return to Message List