Eleksyon fet men pep la nan lari anko: Kep a ak Gouvenman Privert a ban m yo ti limye souple.

Neglakay - December 1 2016, 12:07 PM

Majorite silencieuse la te bay Privert ak gouvenman n lan anpil rezon le yo te deside verifye eleksyon 2015 yo pou tabli laverite sou volonte pep la. Yo te apiye l le desizyon te pran pou finanse eleksyon yo, 55 milyon dola meriken, ak resous peyi a, epi kenbe pouvwa a jiskaske yon prezidan eli komsadwa.

Jounen jodia, kouman fe pep la nan lari anko?

Te kwe se nou Ayisyen ki tap jere eleksyon nou?

Kote letranje pase pou fe magouy kandida yo ap pale a?

Te kwe Leopold Belanger ak Konsey li a te vinn mete bout nan pwoblem eleksyon malachong ki mete divizyon nan mitan pep la?

Kouman Moise Jean-Charles fe di te gen twa rezilta ki te devan Privert?

Kote verite nou tap ebabli a?

Antouka, ant la jistis, gouvenman an, ak KEP a, dwe gen yon eksplikasyon kle kou dlo kokoye ki dwe soti pou pemet pep la konprann et aksepte la verite.

Eske se Jovenel ki genyen Vre?

Eske rezilta yo te manipile vre?

Si non, fok la jistis aji pou fe respekte verite a. Si yo pa aji prese prese pou bay majorite a konfyans, peyi a ap tonbe nan yon lot tchouboum.

REPLY to this message

Return to Message List