Palman an Resi Fe yon Bagay: Yo eli yon Prezidan nan Sena a, Bravo Msye, Finalman nou Oblije!

Neglakay - July 20 2016, 11:42 PM

Gen le tout palmante yo pa sot. Finalman yo rekonet ke pep Ayisyen pap tann yo pou le yo finn plen poch yo, sena a deside eli yon prezidan pou yo pa mouri nan film nan. Podyab! li two ta pou yo. Pep souvren gen tan pran desizyon pou kondwi machin nan avek prezidan Privert.

Tren an gen tan kite estasyon an men Dezonorab Palmante yo ap kouri pou yo moute l. Atansyon pou pa gen aksidan!

Pep souvren ap ba yo leson! An avan pou bon jan eleksyon.

Sak pa dako paske entere pesonel menase, degaje nou. Bourik chaje pa kanpe.

Gen lot netwayaj ki dwe fet nan palman an. Pep souvren ap tann.

REPLY to this message

Return to Message List