Men opinyon pam sou dosyé a! Dabò pagen oken...

Patrick Princivil - February 16 2016, 8:13 PM

Men opinyon pam sou dosyé a !

Dabò pagen oken prèv ki ké PHTK té fè frode vré, aktyèlman si té gen frode sé konsyans CEP, PHTK ak papa bonDyé nan syèl. Si tout moun té fini voté nan lòd sélon lwa péyi a, pagen oken prèv oken frode mwen pa kwè G8, G30, Moise Jean Charles, Jude Céléstin ak Marise Narcisse oswa tout G104 la ap gen kouraj pou di mété Jovenel Moise déyò.

1.) Kanpay PHTK a sé yon bagay pwofésyonèl ak sit website - téléfòn etc.
2.) PHTK si gen lajan, yo itilizé machine, moto siklèt etc pou yalé dévan pèp la
3.) Sé pa paské PHTK ofri pèp la yon bagay séryé, (jaden bannan nan) pou lòt kandida yo ap fè gro kè ak gro anvi ak gro tanta tiyé yo. Si Prézidan pwovizwa a jwen prèv frode sé pou yo dévwalél klè dévan pèp la é pibliyél klè sou tout jounal, radyo é sou tout médya. Menm jan mwen rékonèt ké Réné Préval, Jude Céléstin ak CEP 2010 la sé té yon pakèt koken, map évalué Michel Martelly, Jovenel Moise ak CEP a kòm yon pakèt koken tou, la a Prézidan pwovizwa ap gen aksè pou rétiré Jovenel Moise kòm kandida.

Si Prézidan provizwa a ta rétiré Jovenel Moise nan kous la san prèv map évalyé sa kòm abu.

Si André Michel al nan radyo pou lap propozé Madame Manigat kòm prémyé minis: André Michel si tèlman té wèl pat gen vote li té rétiré kòl, mwen pa wè poukisa lap pèdi tanl jodi a pou lap propozé moun. Ban vyé pèdan yo pa anyen, sa yo menm dépi yo fè dézod nan péyi a sé kasé zo yo san réfléchi kòm kamoken ak ISIS.

Opinyonm, doute la sé té ant 4 kadida :
1.) Jovenel Moise
2.) Moise Jean Charles
3.) Jude Céléstin
4.) Marise Narcisse

Voyé 4 kandida yo nan éléksyon, si sé moise Jean Charles ki Prézidan: byen vini pou 5 ans; si sé Marise Narcisse ki Prézidan: byen vini pou 5 ans; si sé Jude Céléstin ki monté Prézidan: byen vini pou 5 ans.

Dènyé kou ki pou tiyé koukou a !

Si sé Jovenel Moise: nèg bannan nan ké yo pa vlé wè a ki monté Prézidan lap byen vini pou 5 ans; a kondisyon: Michel Martelly pap gen oken aksè pou lap sikilé ni nan rès kanpay Jovenel Moise, si Jovenel Moise monté Prézidan péyi a Michel Martelly sa a ké yo pa vlé wè a pap mété pyél nan palè a pou yo pa di kél toujou Prézidan é ké sé limenm kap manipulé Jovenel Moise.

Zafè Réné Préval, Jude Céléstin ak CEP yo té genyen an sé yon pakèt koken, Jude Céléstin pat dwé janm nan éléksyon an Ayiti pou tout rès vi li ak tout pati li ya.

Baton ki bat chyen nwa a sé li ki pou dwé bat chyen blan an. Si ankèt mennen sou CEP a, PHTK, Michel Martelly ak Jovenel Moise épi yo fè frode sé mété Jovenel Moise déyò.

Map tou pwofité bay opinyon sa a tou:

Mwen ta swété gouvernman Ayisyen an mété yon nouvo lwa sou pyé kòmansé avan 2021 kap vini an !

Dépi yo kenbé yon pati politik nan frode sé mété yon gouvernman pwovizwa sou pyé pou mété déyò ni Prézidan, ni kandida a déyò ak tout pati politik sa a pou yo pa janm tounen sou moun ankò.

An prinsip Jude Céléstin ak tout pati politik li ya pa ta dwé sipozé sou moun ankò pou tout rès vi yo.

Pou PHTK jwen moyen pou yo kité 104 pati politik al kandida pou yon sèl pòs Prézidan?

Malgré sa pou Laurent Lamothe ap babyé nan radyo métropole kont CEP a paské yo blokél, moun yo pagen oken konsyans, dépi sé zafè lajan tèt afè yo bat.

Sé pou bagay sa yo dwé fini.

Pa plis ké 4 kandida map konpran sa, si sé sa yap fè dépi sé lè éléksyon sé mandé kandida yo al dépozé $ 20, 000: 00 USD nan DGI.

Sé sak pou débarasé nou de kolòn rakétè vòlè sa yo.

Related Article:

Haiti - Jovenel Moise di: Se Dezyem tou Election n'ap Tann, se nan Election nou Pwale...

Haiti Election -- Candidat PHTK Jovenel Moise di: "Se dezyèm tou election nou mande, se dezyèm tou election nap tann, se nan election nou...

REPLY to this message

Return to Message List