An principe pou yon pastè ap préch&#233...

Patrick Princivil - November 16 2015, 7:05 PM

An principe pou yon pastè ap préché vérité bonDyé a san magouy, sanl pa kontribuyé ak méchan yo, malféktè yo, sanpwèl yo, bizango yo, lougarou yo, masonlòj yo. Vaudouyizan yo, ougan yo oswa bòkò yo, manbo yo, kriminèl yo, bizango yo etc. poul alé nan éléksyon pou sé ti vòte sa a li jwen?

Gen yon fòs koté nan pastè sa a. Misyé genlè mélanjé ak Satan ak mové zanje yo.

Mwen pakon fè mirak, mwen pakon koté pastè sa a kanpé.

Mwen menm Patrick Princivil: joum ta pozé kandidam an Ayiti pou moun map gen dèyèm sé tankou fomi nan siwo map rasanblé pèp ayisyen, mwen gen pwogram pou yo ki ka menm koulé yon batiman.

Magouyè ké yon gouvernman ta magouyè yo patap ka fèm sa. Kòman yon nonm ta pwal foulé vòte mwen anba pyé?

map gen lis nom tout pèp mwen ak téléphone yo, adrès yo anréjistré nan dosyém. Lè nou réyini sèlman sé tap dè millions de moun, koté yo pwal pasé pou koulé vwa sa yo?

faze bagay yo tap di yo pa pran chans.

Dabò sé pèp la mwen ta pwal sové anba mizè ; dépi malfèktè ta menm pansé fè sa sèlman tout malè tap rivé yo sanm pa menm touché yo. Jou pam nan poko rivé ; oswa plas léta sé pa misyonm.

104 pati politik fan yon pèp an miyèt mòsò, dépi sou sa sèlman PHTK krazé bouda yo. Yo pa entélijan si yo té vrèman bézwen bat PHTK tout 104 pati yo tap fè yonsèl épi yal pran pouvwa a nan men PHTK san pwoblèm. Sé fanmi divizyon yo yé.

Pou fini a bagay pastè a, yo nan léglize épi yo nan Dyab, si yap kraponnen moun konsa kòman pèp la pwal fè moun sa yo konfyans?

Anpil ladan yo kon pòt syèl la sé yon piyay, pou moun Jézi té gen dèyèl sou tè a, si misyé té bézwen plas léta kiyès ki tap ka koulé vwal yo nan éléksyon?

Jézi pap zonglé pitit moun, Jézi pap pran pòz zanmi nou épi pou sé menm limenm kap pran pwazon nan men ougan, oswa manbo, oswa masonlòj pou détwi lavi nou, lè Jézi ba nou yon bagay li pa mandé nou régléman: sa vlé kél pa tap janm lonjé bwal men longè poul anfwaré nou pou yon ti travay.

Pastè sa yo si tèlman ipokrit, bib la nan men yo yap fè méchansté.

Si légliz katolik, batis, pankotis, advantis, légiz mòmon, témwen Jéhova, kò de kris etc. paka antan yo sé pa gouvernman payen ki ta antan yo an Ayiti ak Jamaïk. Sé sèlman nan mitan nou sa yé, gadé an Chine ! Menm Dyab Bouda ké yap sèvi a apran yo pou yo ini yo, sé sak fè yo riche konsa a. Somlien sé menm pèp nwa a, yo ini yo nan yon sèl Ala. mwayen oryan (Middle East), Indien etc. yo ini, men nou - menm sé fanmi divizyon nou yé sé sak fè nou lèd, sal konsa a wi.

Daprè janm kalkilél sé nou-menm Ayisyen, Jamaïken ak Afriken ki fan an miyèt mòso konsa a. Sé yon bagay yon nan jénérasyon nwa a di bonDyé oswa fè bonDyé ki fèl modi nou nan pwen sa a; nou vrèman égoyis, mizérab, ava sé yon bagay jénérasyon nwa a té fè bondyé.

menm moun ki pa nan bonDyé kon sa rélé inyon.

Nou menm sé fè lagè ak pròp Ayisyen parèy nou, sé mété difé, sé boulé kaotchou, sé krazé machine, sé koupé wout, sé krazé magazen.

Épi yo pa ran kont sé pa Prézidan Martelly ki mété d'Ayiti nan éta sa a. Prézidan Martelly ap fè wout, li fè lagé sab bò lari a ak fè ròch, planche etc. lè yo fini fè manifétasyon: fò Martelly alé, pandan yap rantré lakay yo, ou konnen yo anpil, yo vòlè tout wòche yo, planche yo, fè yo, blòk yo a tè a. Opinyon pam gènlè yo pran pòze fè maniféstasyon yo pou yo ka pwofité vòlè.

An nou priyé pou 104 lidè politik sa yo, yo fou. Sé yo menm ki fè pèp la ap aji konsa a, sé pou yo péyé sa kanmèm.

Related Article:

Haiti Elections - Chavannes Jeune REJECTS Presidential Elections Results 2 weeks later

Haiti Elections Update - Almost 2 weeks since the release of the first round presidential election results, pastor candidate Jena-Chavannes Jeune...

REPLY to this message

Return to Message List