Mwen la pi rèd ké yon ké makak, nou kon...

Patrick Princivil - October 24 2015, 10:15 PM

Mwen la pi rèd ké yon ké makak,

nou kon règle la, jou sabba bonDyé a dwé réspékté (Exode 20:3-17),

men sé konsa Prézidan Martelly té fè lèl tap mennen kanpay li pou Prézidan, nèg ap sèvi ak lévanjil pou pyafé sou zantray ti pèp an nou pozé tèt nou yon késyon, konbyen fwa li rétounen nan légliz poul bay bonDyé glwa?

Kité bonDyé papa nou ki nan syèl la fè afèl, menm jan tout chyen niché tèt kisa sa yé yo jan yo konnen.

Jude Célestin pat menm bézwen al nan shalom poul Prézidan paské séléksyon sa a pagen manti ladan.

Kounyé a menm li pran pozisyon ni pou lal pran pouvwa a au nom de Jézi, sé pa ti bagay séryé kap fèt la a, yon kandida konsakré nan nom bonDyé sé yon bagay a réspékté, nèg bannan nan paka parèt menm ankò.

Pa bliyé sa mésyé frè paran yo té kon ap di nou an :
malè a tout fo pastè, pape ak prèt légliz katolik kap kotizé ak méchan yo pou dérasinen pitit bonDyé ; malè ak tout fo profèt, ipokrit kap travay pou kenbé klas pòv la nan grangou, fatra ak la mizè ak pòvrété talè bonDyé papa nou ki nan syèl la ap vini ak frèt kòdé li nan men li poul dévoré yo. Talè bonDyé ap vini ak kouto digo li pou rabouré méchan yo é séklé yo jété nan difé.

Pèp krétyen yo pa pè, bib la di nou sa: pa fatigé nou lè nou wè méchan yo ap pogrésé, bib la di sé pou gran mèt la détwi yo pou tou tan, épi bonDyé di gro méchan sa yo sé zèb sèche yo yé.

Kité yo kontinyé abizé ti machan yo vòlè machandize yo, kité yé yo kontinyé ap asasiné inosan yo nan dézè yo ak lyé rékilé yo, bat chyen tan mèt li.

Aprè lè Kayen té fine touyé Abel té gen yon pri a péyé, zyé gran moun klè li pa nan dòmi (JPP).

An nou kontinyé priyé gran mèt la, malfèktè yo pa pwal nan tonbo a ak anyen.

Ké bonDyé béni nou.

Related Article:

VIDEO: Haiti Elections - Jude Celestin Femen Kanpay li nan SHALOM ak Wyclef, Gazmann, Pipo

Gade Video saa... Haiti Elections - Candidat a la Presidence Jude Celestin Femen Kanpay Electoral li nan legliz SHALOM Tabernacle de Gloire ak...

REPLY to this message

Return to Message List