Fout tonè pa énèvém! Sé pa mach&#233...

Patrick Princivil - September 29 2015, 11:10 AM

Fout tonè pa énèvém!

Sé pa maché kraponnen ti klas pòv, montré kèk ti foto mizérab, fò sé yon bon jan kandida konpétan ki pou al monté sou ti zèle la. an nou fè bagay yo pi profésyonèl: pou kounyé a mwen paka désidé anyen positif; kandida yo ta dwé gen moun a kaméra kap anréjistré tout sa kandida yo ap di e al nétwayé mésaje yo nan studio, pasé yo sur les ondes: kòm Facebook, Gmail belpolitik.com, Twitter etc. Nou ka wè é nou ka tandé dé kisa yap palé, sé sak fè yap bafré ti klas pòv pitit sòyèt la konsa a.

Konsa nou ka désidé sa nap fè, men jan yap fèl la a sé yon ti kanpay mizérabb, kokorat.

Anyways governman Amériken an déja konnen ki kandida li pwal mété.

Men ! Élas !

Mwen pa aprésyé sa Mattelly fè a menm. Laurent Lamothe témwanyé ké li té genyen 40 profésyonèl ki plen ékspéryans sou zafè jésyon ak kontablité e tout moun té wè klè kòman péyi d'Ayiti tap boujé, dépi Laurent Lamothe fin alé ak tout travayè li yo tout bagay bloké.

Mwen pakon pou ki rézon Prézidan Martelly bloké Laurent Lamothe nan éléksyon an, men li bloké misyé an prinsip fòl ta dwé fè yon séléksyon ki ankò pi fò ké 40 anplwayè Laurent Lamothe yo; sé pou KEP a ta dwé chwazi yon kolòn kandida ki ankò bokou pi konpétan, pi solid ké Laurent Lamothe pou mété nan séléksyon an. men lè KEP a ranmasé tout ti kolòn pòv maléré mizérab sa yo mété nan éléksyon an mwen dékourajé.

Dépi sou Réné Préval an 2010 la mwen tap asisté ké tout ti maléré, malérèze an Ayiti tap kritiké Jude Cléstin: pèp la di ké misyé sé yon nonm chanèl, sal tap maché fè sé té maché plimen jèn ti fanm yo nan tout ville Ayiti rivé nan tout rak bwa Ayiti, mété yo gaspiyé traktè léta nan lari péyi d'Ayiti san ékspérians, fè yon ti monstraksyon, yo fè yon ti vwayaje ak yon ti pèl fatra oswa kisa sayé a apré sa nou pa wè yo ankò; si fanm misyé yo té yé yo gen pouvwa yo tap gaspiyé.

Wout kafou a menm sé bagay mwen té wè ak pròp zyém: yap, gaspiyé traktè yo, pafwa mwen wè kèk gren jèn gason sou yon ti bout kamyon baskil avèk yon nom ak yon ti pèl mizérab nan menl ap chajé ti kamyon baskil mizérab sa a ak fatra poul té al jété.

Tout sété Démagoji paské fatra yo tap kouvé man zòne yo é pa janm sòti.

Men mézanmi sa kap pasé an Ayiti konsa a?

Laurent Lamothe di ké yo chasél pou déchaje kél pa genyen e ké li paka alé nan eleksyom tandiské menm manm KEP yo pagen décharje pou yo fè éléksyon épi gouvernman Martelly a bayo décharje pou yal nan éléksyon; misyé di ké anpil kandida nan gouvernman Martelly a pa décharje sa ké yo apliké pou baré Laurent Lamothe ak tout lòt kandida konpétan yo;
Si, sé,ta, vré,mézanmi bagay sa a sé tout yon plichon.

BonDyé fè yon bagay pou Ayiti, nou bouké ak kòk pyé kaka sa yo.

Sé pou KEP a anilé éléksyon an pou Laurent Lamothe al bat kandida sa yo nan éléksyon dépi li rénosé ak kouzen zaka, Azakamédé kél kon ap pasé nan gouvernman li an.

Related Article:

Haiti Elections - Candidat Jean-Henry Ceant lanse Campagne Electoral li nan Bel Air (PHOTOS)

Haiti Elections Update - Candidate for president Jean-Henry Ceant launches his electoral campaign in Bel-Air, is a neighborhood of Port-au-Prince...

REPLY to this message

Return to Message List